Zacarias 5

Haitian Creole Version (HAT) vs NVI

Sair da comparação
NVI Nova Versão Internacional
1 Mwen wè yon lòt vizyon ankò, mwen leve je m' gade. Mwen wè yon liv an fòm yon woulo papye k'ap vole nan syèl la.
1 Levantei novamente os olhos, e vi diante de mim um pergaminho que voava.
2 Zanj ki t'ap pale avè m' lan di m': -Kisa ou wè? Mwen reponn li: -Mwen wè yon liv an fòm yon woulo k'ap vole nan syèl la. Li gen trant pye longè ak kenz pye lajè.
2 O anjo me perguntou: "O que você está vendo? " Respondi: "Vejo um pergaminho voando, com nove metros de comprimento por quatro e meio de largura".
3 Epi li di m': -Se madichon ki pral tonbe sou tout latè. Dapre sa ki ekri sou yon bò liv la, yo pral fè tout vòlò disparèt nan peyi a. Dapre sa ki ekri sou lòt bò a, moun k'ap fè sèman pou bay manti pral disparèt nan peyi a tou.
3 Então ele me disse: "Nele está escrita a maldição que está sendo derramada sobre toda a terra: porque tanto o ladrão como o que jura falsamente serão expulsos, conforme essa maldição.
4 Seyè ki gen tout pouvwa a di konsa se li menm menm ki voye madichon sa a pou li antre nan kay tout moun k'ap vòlò, ak nan kay tout moun k'ap pran non m' fè sèman pou bay manti. L'a rete nan kay moun sa yo. Tankou dife, l'ap boule tout bwa ak tout wòch kay yo.
4 Assim declara o Senhor dos Exércitos: ‘Eu lancei essa maldição para que ela entre na casa do ladrão e na casa do que jura falsamente pelo meu nome. Ela ficará em sua casa e destruirá tanto as vigas como os tijolos! ’ "
5 Zanj ki t'ap pale avè m' lan parèt ankò, li di m' konsa: -Leve je ou. Gade sa k'ap vin koulye a.
5 Em seguida o anjo que falava comigo se adiantou e me disse: "Olhe e veja o que vem surgindo".
6 Mwen mande l': -Kisa l' ye? Li reponn mwen: -Se yon panyen. Se peche moun yo ap fè nan tout peyi a ki ladan l'.
6 Perguntei o que era aquilo, e ele me respondeu: "É um cesto". E disse mais: "Aí está o pecado de todo o povo desta terra".
7 Panyen an te gen yon kouvèti plon. Kouvèti a leve. Mwen wè yon gwo fanm chita anndan panyen an.
7 Então a tampa de chumbo foi retirada, e ali dentro do cesto estava uma mulher sentada!
8 Zanj lan di m' konsa: -Fanm sa a, se mechanste ki non l'! Lèfini, li peze l' antre nan panyen an epi li mete kouvèti plon an sou li.
8 Ele disse: "Esta é a Perversidade", e a empurrou para dentro do cesto e o tapou de novo com a tampa de chumbo.
9 Apre sa mwen leve je m' gade, mwen wè de fanm. Yo te gen gwo zèl tankou sigòy. Yo t'ap vole nan syèl la vini. Yo pran panyen an, yo moute avè l'.
9 De novo ergui os olhos e vi chegarem à minha frente duas mulheres com asas como de cegonha; o vento impeliu suas asas, e elas ergueram o cesto entre o céu e a terra.
10 Mwen mande zanj ki t'ap pale avè m' lan: -Kote yo prale ak panyen an la a?
10 Perguntei ao anjo: "Para onde estão levando o cesto? "
11 Li reponn mwen: -Yo pral bati yon tanp pou li nan peyi Babilòn. Y'ap fè yon pye pou li. Lèfini, y'ap mete l' la pou moun adore l'.
11 Ele respondeu: "Para a Babilônia, onde vão construir um santuário para ele. Quando ficar pronto, o cesto será colocado lá, em seu pedestal".

Ler em outra tradução

Comparar com outra

Estude este capítulo no WhatsApp

Peça à IA da Bíblia Fala para explicar Zacarias 5, comparar traduções ou montar um estudo — tudo direto pelo WhatsApp.