Salmos 45
Haitian Creole Version (HAT) vs NVI
1 (45:1) Pou chèf sanba yo. Se pou yo chante sou menm lè ak chante ki di: Bèl ti flè savann blan yo. Se yon chante pitit Kore yo. Se yon chan damou. (45:2) Mwen gen anpil bèl pawòl nan bouch mwen. Mwen pral chante yon chante pou wa a, mwen tankou yon moun ki konn konpoze bèl chante.
1 Com o coração vibrando de boas palavras recito os meus versos em honra do rei; seja a minha língua como a pena de um hábil escritor.
2 (45:3) Pa gen pi bèl gason pase ou sou tout latè. Ou gen bèl pawòl dous nan bouch ou. Se poutèt sa, Bondye ap toujou beni ou.
2 És dos homens o mais notável; derramou-se graça em teus lábios, visto que Deus te abençoou para sempre.
3 (45:4) Ou menm vanyan gason, pase nepe ou nan ren ou, pou moun ka wè jan ou gen pouvwa, pou yo ka gen respè pou ou.
3 Prende a espada à cintura, ó poderoso! Cobre-te de esplendor e majestade.
4 (45:5) Moute sou cha ou, al goumen, pou pran defans moun ki kenbe pawòl yo, moun ki gen bon kè, moun ki mache dwat devan ou. Kouraj ou ap fè ou genyen batay la.
4 Na tua majestade cavalga vitoriosamente pela verdade, pela misericórdia e pela justiça; que a tua mão direita realize feitos gloriosos.
5 (45:6) Flèch ou yo pwenti. Moun lòt nasyon yo ap tonbe nan pye ou. Lènmi wa a pèdi tout kouraj yo.
5 Tuas flechas afiadas atingem o coração dos inimigos do rei; debaixo dos teus pés caem nações.
6 (45:7) Gouvènman ou lan la pou tout tan tout tan. W'ap gouvènen san patipri tankou yon wa nan peyi ou la.
6 O teu trono, ó Deus, subsiste para todo o sempre; cetro de justiça é o cetro do teu reino.
7 (45:8) Ou renmen tou sa ki byen, ou rayi tou sa ki mal. Se poutèt sa, Bondye ki Bondye ou l'a chwazi ou. Li fè kè ou kontan nèt ale: Li fè pou ou bagay li pa fè pou lòt zanmi ou yo.
7 Amas a justiça e odeias a iniqüidade; por isso Deus, o teu Deus, escolheu-te dentre os teus companheiros ungindo-te com óleo de alegria.
8 (45:9) Tout rad ou santi bon ak odè flè jasmen, womaren ak sitwonèl. Nan palè ou ki kouvri ak livwa, y'ap fè mizik pou fè kè ou kontan.
8 Todas as tuas vestes exalam aroma de mirra, aloés e cássia; nos palácios adornados de marfim ressoam os instrumentos de corda que te alegram.
9 (45:10) Pami medam k'ap sèvi lakay ou yo anpil ladan yo se pitit fi wa yo ye. Sou bò dwat ou, larenn lan kanpe byen bèl. Li gen sou li bijou fèt an lò ki soti peyi Ofi.
9 Filhas de reis estão entre as mulheres da tua corte; à tua direita está a noiva real enfeitada de ouro puro de Ofir.
10 (45:11) Koute, mafi! Gade byen! Tande sa m'ap di ou: -Ou mèt bliye pèp kote ou soti a. Ou mèt bliye moun kay papa ou yo.
10 Ouça, ó filha, considere e incline os seus ouvidos: Esqueça o seu povo e a casa paterna.
11 (45:12) Wa a pa manke renmen ou, paske ou bèl. Se li ki mèt ou, se pou ou obeyi l'.
11 O rei foi cativado pela sua beleza; honre-o, pois ele é o seu senhor.
12 (45:13) Moun peyi Tir ap pote anpil kado ba ou. Moun rich yo ap vin flate ou.
12 A cidade de Tiro trará seus presentes; seus moradores mais ricos buscarão o seu favor.
13 (45:14) Pitit fi wa a nan palè a. Ala bèl li bèl! Twal rad ki sou li a fèt ak fil lò.
13 Cheia de esplendor está a princesa em seus aposentos, com vestes enfeitadas de ouro.
14 (45:15) Yo mennen l' bò kote wa a, avèk bèl rad bwode li sou li. Tout fidonè li yo ap mache dèyè l': yo prezante yo ba ou tou.
14 Em roupas bordadas é conduzida ao rei, acompanhada de um cortejo de virgens; são levadas à tua presença.
15 (45:16) Y'ap vini, yo kontan, y'ap chante, y'ap antre nan palè wa a.
15 Com alegria e exultação são conduzidas ao palácio do rei.
16 (45:17) Monwa, pitit ou yo va chita kote zansèt ou yo te chita a. W'ap mete yo chèf sou tout latè.
16 Os teus filhos ocuparão o trono dos teus pais; por toda a terra os farás príncipes.
17 (45:18) Mwen vle chante pou yo pa janm bliye ou, konsa moun lòt peyi yo va fè lwanj ou tout tan tout tan.
17 Perpetuarei a tua lembrança por todas as gerações; por isso as nações te louvarão para todo o sempre.
Atalhos do teclado
- Capítulo anterior←
- Próximo capítulo→
- Versículo anteriork
- Próximo versículoj
- Limpar seleçãoEsc
- Esta ajuda?
Estude este capítulo no WhatsApp
Peça à IA da Bíblia Fala para explicar Salmos 45, comparar traduções ou montar um estudo — tudo direto pelo WhatsApp.