Sofonias 1

Haitian Creole Version (HAT) vs VC

Sair da comparação
VC Versão Católica
1 Men mesaj Seyè a te bay Sofoni sou rèy Jozyas, pitit Amon an, ki te wa peyi Jida. Sofoni te pitit Kouchi. Kouchi te pitit Gedalya. Gedalya sa a te pitit Amarya ki li menm te pitit wa Ezekyas.
1 Oráculos do Senhor dirigidos a Sofonias, filho de Cusi, filho de Godolias, filho de Amarias, filho de Ezequias, no tempo de Josias, filho de Amon, rei de Judá.
2 Seyè a di konsa: -Mwen pral detwi dènye bagay sou latè.
2 Destruirei tudo sobre a face de terra - oráculo do Senhor;
3 Mwen pral detwi tout moun, tout bèt, tout zwezo nan syèl la ak tout pwason nan lanmè, mechan yo ansanm ak tou sa k'ap fè yo tonbe nan peche. Mwen pral detwi tout moun, mwen p'ap kite yonn sou latè. Se mwen menm, Seyè a, ki di sa.
3 farei perecer homens e animais, aves do céu e peixes do mar; exterminarei os ímpios com seus escândalos, farei desaparecer os homens da superfície do mundo - oráculo do Senhor.
4 Mwen pral kraze moun peyi Jida yo ansanm ak moun ki rete lavil Jerizalèm yo anba men m'. Mwen pral disparèt dènye kras zidòl Baal nan peyi a. Pesonn p'ap janm chonje prèt k'ap sèvi l' yo ankò.
4 Estenderei a mão contra Judá, e contra os habitantes de Jerusalém, e exterminarei desse lugar tudo o que resta de Baal, até o nome de seus servos e de seus sacerdotes:
5 Mwen pral disparèt dènye moun k'ap moute sou teras anwo kay pou adore solèy, lalin ak zetwal nan syèl la. M'ap detwi moun k'ap pran non mwen mete ansanm ak non zidòl Milkòm lan pou fè sèman.
5 os que se prostram nos terraços para adorar a imensidão dos astros; os que se prostram e fazem juramentos ora em nome do Senhor, ora em nome de seu deus;
6 M'ap detwi tout moun ki vire do ban mwen, ki pa koute pawòl mwen yo, ki pa vin mande m' konsèy ankò.
6 e também os que se desviam do Senhor, que não o buscam nem se preocupam com ele.
7 Jou pou Seyè a vin jije a pa lwen rive! Se pou tout moun pe bouch yo devan Seyè a. Seyè a ap pare pou li fè gwo sèvis pou touye bèt. Li chwazi moun l'ap envite yo.
7 Silêncio diante do Senhor Javé! Porque o dia do Senhor está próximo, o Senhor preparou um sacrifício, santificou os seus convidados.
8 Jou gwo sèvis ofrann bèt sa a, m'ap pini tout gwo chèf yo, tout pitit wa yo ansanm ak tout moun k'ap kopye sou moun lòt nasyon yo. Se Seyè a menm ki di sa.
8 No dia do sacrifício do Senhor, castigarei os chefes e os príncipes reais, e todos os que se vestem como os estrangeiros.
9 M'ap pini tout moun k'ap fè sèvis tankou moun lòt nasyon yo. Wi, jou sa a, m'ap pini tout moun k'ap vòlò, k'ap touye moun pou yo ka plen tanp zidòl yo ak sa yo pran.
9 Castigarei naquele dia todos os que forçam as soleiras das portas, e enchem a casa de seu amo de bens fraudulentos ou extorquidos com violência.
10 Se mwen menm Seyè a k'ap pale toujou. Jou sa a n'a tande gwo rèl bò Pòtay Pwason nan lavil Jerizalèm. N'a tande moun ap plenn byen fò nan katye nèf lavil la. N'a tande yon gwo deblozay pete sou ti mòn yo.
10 Naquele dia - oráculo do Senhor - haverá muitos clamores à Porta dos Peixes, gemidos do lado da cidade nova, e um grande tumulto do lado das colinas.
11 Nou menm ki rete anba lavil, rele byen fò paske tout moun ki t'ap fè trafik yo pral mouri. Wi, yo pral disparèt tout moun ki t'ap fè lajan sou tèt moun nan kòmès.
11 Lamentai-vos, habitantes do Morteiro, porque todo o povo dos mercadores foi aniquilado, todos os traficantes de prata foram exterminados.
12 Lè sa a, men sa k'ap rive. M'ap limen lanp pou m' fouye lavil Jerizalèm. M'ap pini tout moun ki chita chita yo tou dousman, epi k'ap di nan kè yo: Bondye p'ap fè anyen.
12 Naquele tempo, inspecionarei Jerusalém com lanternas, castigarei os homens que, sentados em sua borra, dizem consigo mesmos: O Senhor não faz bem nem mal.
13 Se sa yo kwè! Y'ap piye tout richès yo, y'ap kraze tout kay yo. Y'ap bati kay, men yo p'ap menm gen tan antre ladan yo. Y'ap plante pye rezen, men yo p'ap menm gen tan pran fre diven an.
13 Seus bens serão entregues à pilhagem, suas moradas serão saqueadas. Edificarão casas, mas não as habitarão, plantarão vinhas, mas não beberão de seu vinho.
14 Wi, gwo jou Seyè a pa lwen rive. Sa pral yon gwo jou vre. Li pa lwen rive. L'ap rive byen vit. Jou sa a, sa pral rèd nèt! Ata sòlda ki pi vanyan yo pral rele anmwe.
14 Eis que se aproxima o grande dia do Senhor! Ele se aproxima rapidamente. Terrível é o ruído que faz o dia do Senhor; o mais forte soltará gritos de amargura nesse dia.
15 Jou sa a pral yon jou dechennen, yon jou lafliksyon ak kè sere, yon jou kraze brize, yon jou k'ap fè nwè kou lank, yon jou van ak gwo nwaj nwa ap plen syèl la.
15 Esse dia será um dia de ira, dia de angústia e de aflição, dia de ruína e de devastação; dia de trevas e escuridão, dia de nuvens e de névoas espessas,
16 Yon jou twonpèt ap kònen, sòlda ap rele pou yo gen kouray pou y' al atake lavil ki gen gwo miray ranpa ak fò byen wo nan chak kwen pou pwoteje yo.
16 dia de trombeta e de alarme, contra as cidades fortes e as torres elevadas.
17 Seyè a te di ankò: -Mwen pral manyen ak lèzòm! Yo pral tatonnen tankou avèg, paske yo te peche kont Seyè a. San yo pral koule kou dlo, kadav yo pral pouri tankou fatra.
17 Mergulharei os homens na aflição, e eles andarão como cegos porque pecaram contra o Senhor. Seu sangue será derramado como o pó, e suas entranhas como o lixo.
18 Jou Seyè a pral move sou yo a, ni lajan yo ni lò yo p'ap ka sove yo. Kòlè li tankou yon dife k'ap boule tout tè a, paske yon sèl kou a, l'ap disparèt tout moun ki rete sou latè. L'ap fini ak yo.
18 Nem sua prata, nem seu ouro poderão salvá-los no dia da cólera do Senhor. Toda a terra será devorada pelo fogo de seu zelo, porque ele aniquilará de repente toda a população da terra.

Ler em outra tradução

Comparar com outra

Estude este capítulo no WhatsApp

Peça à IA da Bíblia Fala para explicar Sofonias 1, comparar traduções ou montar um estudo — tudo direto pelo WhatsApp.