Miquéias 3

Haitian Creole Version (HAT) vs ACF

Sair da comparação
ACF Almeida Corrigida Fiel
1 M'a di yo: Koute byen, nou menm ki alatèt pitit Jakòb yo, nou tout k'ap dirije pèp Izrayèl la! Se pa devwa nou pou nou rann tout moun jistis?
1 E disse eu: Ouvi, peço-vos, ó chefes de Jacó, e vós, príncipes da casa de Israel; não é a vós que pertence saber o juízo?
2 Men, se nou menm ankò ki rayi moun k'ap fè sa ki byen. Nou renmen moun k'ap fè sa ki mal. N'ap kòche pèp mwen an tou vivan, n'ap filange l' jouk nan zo.
2 A vós que odiais o bem, e amais o mal, que arrancais a pele de cima deles, e a carne de cima dos seus ossos;
3 N'ap manje pèp mwen an. Nou kòche yo, nou kase tout zo nan kò yo. Nou dekoupe yo tankou vyann yo pral kwit, tankou vyann nou mete nan chodyè.
3 E que comeis a carne do meu povo, e lhes arrancais a pele, e lhes esmiuçais os ossos, e os repartis como para a panela e como carne dentro do caldeirão.
4 Men, yon jou va rive, lè sa a n'a kriye nan pye Seyè a, men li p'ap reponn nou. Li p'ap tande sa n'ap di nan lapriyè nou yo, paske nou fè bagay ki mal.
4 Então clamarão ao Senhor, mas não os ouvirá; antes esconderá deles a sua face naquele tempo, visto que eles fizeram mal nas suas obras.
5 Men, gen yon bann pwofèt k'ap twonpe pèp mwen an. Depi yo gen yon zo y'ap souse, y'ap mache di jan gen lapè nan peyi a. Men, kite moun pa ba yo lajan, yo di pral gen lagè. Men sa Seyè a di sou pwofèt sa yo:
5 Assim diz o Senhor acerca dos profetas que fazem errar o meu povo, que mordem com os seus dentes, e clamam paz; mas contra aquele que nada lhes dá na boca preparam guerra.
6 Pwofèt! Jou nou yo prèt pou fini. Solèy la ap kouche sou nou. Nou p'ap fè vizyon lannwit ankò. Nan fènwa, nou p'ap wè anyen ankò.
6 Portanto, se vos fará noite sem visão, e tereis trevas sem adivinhação, e haverá o sol sobre os profetas, e o dia sobre eles se enegrecerá.
7 Moun k'ap fè prediksyon yo pral wont. Divinò yo p'ap konnen sa pou yo di. Yo pral rete men nan bouch, paske Bondye p'ap reponn yo.
7 E os videntes se envergonharão, e os adivinhadores se confundirão; sim, todos eles cobrirão os seus lábios, porque não haverá resposta de Deus.
8 Men, pou mwen menm, Miche, Seyè a voye lespri l' sou mwen, li ban mwen fòs, li ban mwen pouvwa pou m' konnen sa ki dwat. Li ban mwen kouraj pou m' kanpe denonse fòfè pitit Jakòb yo, pou m' di pèp Izrayèl la nan figi l' sa l'ap fè ki mal la.
8 Mas eu estou cheio do poder do Espírito do Senhor, e de juízo e de força, para anunciar a Jacó a sua transgressão e a Israel o seu pecado.
9 Wi, koute m' non, nou menm ki alatèt pitit Jakòb yo, nou menm chèf k'ap dirije peyi Izrayèl la. Nou pa renmen sa ki dwat. Nou vire lalwa a, nou fè l' di sa nou vle.
9 Ouvi agora isto, vós, chefes da casa de Jacó, e príncipes da casa de Israel, que abominais o juízo e perverteis tudo o que é direito,
10 Se sou san moun n'ap bati lavil Siyon an. Se sou lenjistis n'ap bati lavil Jerizalèm.
10 Edificando a Sião com sangue, e a Jerusalém com iniqüidade.
11 Moun ap achte chèf yo ak lajan. Prèt yo menm ap esplike lalwa a pou lajan. Ata pwofèt yo ap fè prediksyon pou lajan tou. Yo tout yo pretann di Seyè a avèk yo. Y'ap di: O wi, anyen p'ap rive nou! Seyè a bò kote nou!
11 Os seus chefes dão as sentenças por suborno, e os seus sacerdotes ensinam por interesse, e os seus profetas adivinham por dinheiro; e ainda se encostam ao Senhor, dizendo: Não está o Senhor no meio de nós? Nenhum mal nos sobrevirá.
12 Se konsa, n'ap lakòz peyi Siyon an pral tankou yon jaden y'ap raboure. Jerizalèm ap tounen mazi. Gwo pyebwa pral kouvri tout mòn kote tanp lan ye a.
12 Portanto, por causa de vós, Sião será lavrada como um campo, e Jerusalém se tornará em montões de pedras, e o monte desta casa como os altos de um bosque.

Ler em outra tradução

Comparar com outra

Estude este capítulo no WhatsApp

Peça à IA da Bíblia Fala para explicar Miquéias 3, comparar traduções ou montar um estudo — tudo direto pelo WhatsApp.