Juízes 3

Haitian Creole Version (HAT) vs NVI

Sair da comparação
NVI Nova Versão Internacional
1 Seyè a te kite kèk nasyon nan peyi a pou l' te ka sonde moun pèp Izrayèl la ki patko fèt lè yo t'ap fè lagè pou antre nan peyi Kanaran an.
1 São estas as nações que o Senhor deixou para pôr à prova todos os israelitas que não tinham visto nenhuma das guerras em Canaã
2 Li te fè sa konsa pou l' te ka moutre chak jenerasyon pèp Izrayèl la sa yo rele fè lagè, sitou sa ki pa t' janm al nan lagè anvan sa.
2 ( fez isso apenas para treinar na guerra os descendentes dos israelitas, pois não tinham tido experiência anterior de combate ):
3 Men moun li te kite nan peyi a: Se te moun Filisti yo ki te rete nan senk lavil, tout moun Kanaran yo, moun Sidon yo ak moun Evi yo ki te rete nan mòn Liban yo, depi mòn Baal-Emon jouk Pas Amat.
3 os cinco governantes dos filisteus, todos os cananeus, os sidônios e os heveus que viviam nos montes do Líbano, desde o monte Baal-Hermom até Lebo-Hamate.
4 Se ak moun sa yo Seyè a t'ap sonde pèp la pou l' te ka konnen si yo te soti pou koute lòd Seyè a te bay Moyiz pou zansèt yo a.
4 Essas nações foram deixadas para que por elas os israelitas fossem postos à prova, se obedeceriam aos mandamentos que o Senhor dera aos seus antepassados por meio de Moisés.
5 Se konsa pèp Izrayèl la twouve l' rete ap viv nan mitan moun Kanaran yo, moun Et yo, moun Amori yo, moun Ferezi yo, moun Evi yo ak moun Jebis yo.
5 Os israelitas viviam entre os cananeus, os hititas, os amorreus, os ferezeus, os heveus e os jebuseus.
6 Yo pran pitit fi moun sa yo pou madanm, yo bay pitit gason moun sa yo pitit fi pa yo pou madanm, epi yo pran sèvi bondye moun sa yo tou.
6 Tomaram as filhas deles em casamento e deram suas filhas aos filhos deles, e prestaram culto aos deuses deles.
7 Moun pèp Izrayèl yo tanmen fè bagay ki te mal nan je Seyè a. Yo bliye Seyè a, Bondye-yo a, yo pran fè sèvis pou Baal yo ak Achera yo.
7 Os israelitas fizeram o que o Senhor reprova, pois esqueceram-se do Senhor seu Deus e prestaram culto aos baalins e aos postes sagrados.
8 Seyè a fache sou pèp Izrayèl la epi li kite Kouchan-Riche Atayim, wa peyi Mezopotami an, mete pye sou kou yo. Pandan witan pèp Izrayèl la te anba men Kouchan-Riche Atayim.
8 Acendeu-se a ira do Senhor de tal forma contra Israel que ele os entregou nas mãos de Cuchã-Risataim, rei da Mesopotâmia, por quem os israelitas foram subjugados durante oito anos.
9 Apre sa, moun pèp Izrayèl yo pran kriye nan pye Seyè a. Seyè a voye yon nonm pou delivre yo. Se te Otonyèl, pitit gason Kenaz, ki te ti frè Kalèb.
9 Mas, quando clamaram ao Senhor, ele lhes levantou um libertador, Otoniel, filho de Quenaz, o irmão mais novo de Calebe, que os libertou.
10 Lespri Seyè a te sou li, li vin yon gwo chèf nan peyi Izrayèl. Li leve l' al goumen. Seyè a lage Kouchan-Riche Atayim, wa peyi Mezopotami an, nan men li, li fè l' kraze l'.
10 O Espírito do Senhor veio sobre ele, de modo que liderou Israel e foi à guerra. O Senhor entregou Cuchã-Risataim, rei de Arã, nas mãos de Otoniel, que prevaleceu contra ele.
11 Apre sa, te gen lapè nan peyi a pandan karantan. Epi Otonyèl, pitit gason Kenaz la, mouri.
11 E a terra teve paz durante quarenta anos, até a morte de Otoniel, filho de Quenaz.
12 Moun pèp Izrayèl yo te rekonmanse ap fè sa ki te mal nan je Seyè a ankò. Seyè a pran Eglon, wa peyi Moab la, li fè l' vin pi fò pase pèp Izrayèl la. Epi li fè l' leve dèyè pèp Izrayèl la.
12 Mais uma vez os israelitas fizeram o que o Senhor reprova, e por isso o Senhor deu a Eglom, rei de Moabe, poder sobre Israel.
13 Eglon pran moun Amon yo ak moun Amalèk yo ansanm avè l', epi yo ale, yo bat moun pèp Izrayèl yo. Yo pran lavil Palmis yo pou yo.
13 Conseguindo uma aliança com os amonitas e com os amalequitas, Eglom veio e derrotou Israel, e conquistou a Cidade das Palmeiras.
14 Pandan dizwitan pèp Izrayèl la te anba men Eglon, wa peyi Moab la.
14 Os israelitas ficaram sob o domínio de Eglom, rei de Moabe, durante dezoito anos.
15 Apre sa, moun pèp Izrayèl yo pran kriye nan pye Seyè a. Seyè a voye yon lòt moun pou delivre yo. Se te Eyoud, pitit gason Gera, moun branch fanmi Benjamen an. Msye te goche. Moun pèp Izrayèl yo bay Eyoud yon kado al pote bay Eglon, wa peyi Moab.
15 Novamente os israelitas clamaram ao Senhor, que lhes deu um libertador chamado Eúde, homem canhoto, filho do benjamita Gera. Os israelitas o enviaram com o pagamento de tributos a Eglom, rei de Moabe.
16 Eyoud fè yo fè yon ponya espesyal pou li. Ponya a te gen yon pye edmi longè, li te file de bò. Li mare l' sou kwis pye dwat li, anba rad li.
16 Eúde havia feito uma espada de dois gumes, de quarenta e cinco centímetros de comprimento, e a tinha amarrado na coxa direita, debaixo da roupa.
17 Epi li pote kado a bay Eglon, wa peyi Moab la. Eglon te gwo anpil.
17 Ele entregou o tributo a Eglom, rei de Moabe, homem muito gordo.
18 Lè Eyoud fin bay wa a kado a, li voye moun ki te pote kado a ale.
18 Em seguida, Eúde mandou embora os carregadores.
19 Men li menm, lè li rive bò estati zidòl yo ki toupre lavil Gilgal la, li tounen vin jwenn Eglon. Li di l' konsa: -Monwa, mwen gen yon komisyon pou ou, men fòk pa ta gen lòt moun la. Lè sa a, wa a di moun ki te la yo: -Kite nou pou kont nou! Tout moun ki te la avè l' yo soti.
19 Junto aos ídolos que estão perto de Gilgal, ele voltou e disse: "Tenho uma mensagem secreta para ti, ó rei". O rei respondeu: "Calado! " E todos os seus auxiliares saíram de sua presença.
20 Wa a te chita nan chanm pa l' anwo kay la, kote ki te fè fre anpil. Eyoud pwoche bò kote l', li di l' konsa: -Se yon mesaj Bondye ban m' pou ou. Wa a leve kanpe.
20 Eúde aproximou-se do rei, que estava sentado sozinho na sala superior do palácio de verão, e repetiu: "Tenho uma mensagem de Deus para ti". Quando o rei se levantou do trono,
21 Eyoud lonje men gòch li, li rale ponya a bò kwis pye dwat li, epi li sèvi wa a yon kou nan vant.
21 Eúde estendeu a mão esquerda, apanhou a espada de sua coxa direita e cravou-a na barriga do rei.
22 Li foure ponya a tout longè l' nèt jouk manch li pèdi nan vant li, epi po grès la fèmen sou ponya a paske Eyoud pa t' rale l' soti. Pwent ponya a menm te parèt pa dèyè.
22 Até o cabo penetrou com a lâmina; e, como não tirou a espada, a gordura se fechou sobre ela.
23 Lèfini, Eyoud soti nan chanm lan, li fèmen pòt yo dèyè l', li klete yo,
23 Então Eúde saiu para o pórtico, depois de fechar e trancar as portas da sala atrás de si.
24 epi l' ale fè wout li. Lè domestik wa yo vini, yo wè pòt chanm wa a te fèmen akle. Yo di konsa: -Gen lè wa a okipe anndan an. L'ap fè bezwen li.
24 Depois que ele saiu, vieram os servos e encontraram trancadas as portas da sala superior, e disseram: "Ele deve estar fazendo suas necessidades em seu cômodo privativo".
25 Yo tann yon bon ti moman, yo ba li tan pou l' fini. Men, yo wè li pa janm louvri pòt la. Lè sa a, yo pran kle a epi yo louvri. Yo wè wa a kouche tou long atè, li te mouri!
25 Cansaram-se de esperar, e como ele não abria a porta da sala, pegaram a chave e a abriram. E lá estava o seu senhor, caído no chão, morto!
26 Pandan mesye yo t'ap tann tout tan sa a, Eyoud menm gen tan chape kò l'. Li pase bò estati zidòl yo, epi li pran wout mòn Seyira a pou li, l' ale.
26 Enquanto esperavam, Eúde escapou. Passou pelos ídolos e fugiu para Seirá.
27 Lè li rive Seyira nan mòn peyi Efrayim lan, li kònen pou rele moun pèp Izrayèl yo. Moun pèp Izrayèl yo desann soti nan mòn lan, epi Eyoud pran mache alatèt yo.
27 Quando chegou, tocou a trombeta nos montes de Efraim, e os israelitas desceram dos montes, com ele à sua frente.
28 Li di yo konsa: -Swiv mwen! Seyè a lage moun Moab yo, lènmi nou yo, nan men nou jòdi a! Yo tout desann swiv li. Yo bare pas dlo kote moun Moab yo konn janbe larivyè Jouden an. Yo pa kite yon moun pase.
28 "Sigam-me", ordenou, "pois o Senhor entregou Moabe, o inimigo de vocês, em suas mãos. " Eles o seguiram e, tomaram posse do lugar de passagem do Jordão que levava a Moabe, e não deixaram ninguém atravessar o rio.
29 Lè sa a, yo te touye dimil (10.000) sòlda konsa, sòlda ki te gwonèg epi ki te konn goumen. Yonn pa chape.
29 Naquela ocasião mataram cerca de dez mil moabitas, todos eles fortes e vigorosos; nem um só homem escapou.
30 Jou sa a, moun pèp Izrayèl yo bat moun Moab yo byen bat. Apre sa, pandan katreventan te gen lapè nan peyi a.
30 Naquele dia Moabe foi subjugado por Israel, e a terra teve paz durante oitenta anos.
31 Apre Eyoud, yo vin gen yon lòt chèf: Se te Chanmga, pitit Anat. Li menm menm avèk yon fwèt kach po bèf, li te touye sisan (600) sòlda nan lame moun Filisti yo. Konsa li delivre pèp Izrayèl la.
31 Depois de Eúde veio Sangar, filho de Anate, que matou seiscentos filisteus com uma aguilhada de bois. Ele também libertou Israel.

Ler em outra tradução

Comparar com outra

Estude este capítulo no WhatsApp

Peça à IA da Bíblia Fala para explicar Juízes 3, comparar traduções ou montar um estudo — tudo direto pelo WhatsApp.