Juízes 18

Haitian Creole Version (HAT) vs VC

Sair da comparação
VC Versão Católica
1 Nan tan sa a pa t' gen wa nan peyi Izrayèl la. Lè sa a, moun branch fanmi Dann yo t'ap chache yon pòsyon tè nan peyi a pou yo rete, paske depi tout tan sa a, nan tout branch fanmi pèp Izrayèl la, yo pa t' ankò resevwa pòsyon pa yo a.
1 Naquele tempo não havia rei em Israel. Por essa mesma época a tribo de Dá buscava uma possessão para habitar nela, porque até então nada tinha recebido entre as tribos de Israel.
2 Moun Dann yo chwazi senk vanyan gason ki gen lespri nan branch fanmi yo, moun lavil Soreja ak moun lavil Echtawòl, yo voye yo al vizite tout peyi a pou wè ki jan sa ye. Se konsa, y' al nan mòn Efrayim yo, yo rive toupre lakay Mika, yo rete pase lannwit lan la.
2 Os danitas enviaram cinco dos seus, cinco homens valorosos escolhidos dentre todas as suas famílias de Sorea e de Estaol, para explorarem cuidadosamente a terra: Ide, disseram-lhes, e examinai bem a terra. Foram e chegaram à montanha de Efraim, e entraram na casa de Micas, onde passaram a noite.
3 Antan yo te la bò kay Mika a, yo rekonèt vwa jenn moun Levi a. Yo pwoche, yo mande l': -Ki moun ki mennen ou isit la? Sa w'ap fè isit la? Kisa ou pèdi isit la?
3 Perto da casa de Micas ouviram a voz do jovem levita e, aproximando-se dele, disseram-lhe: Quem te trouxe aqui? Que fazes aqui? Por que te encontras neste lugar?
4 Li reponn yo: -Mwen gen yon dizon ak Mika, l'ap peye m', epi m'ap sèvi l' prèt.
4 Respondeu-lhes o jovem: Micas fez-me isto e isso; deu-me um salário e eu sirvo-lhe, de sacerdote.
5 Yo di l' konsa: -Tanpri, mande Bondye si n'ap jwenn sa n'ap chache nan vwayaj nou an.
5 Consulta então, replicaram-lhe, o teu deus a fim de saber se nossa viagem será bem sucedida.
6 Prèt la di yo: -Nou pa bezwen pè. Seyè a ap voye je sou nou pandan tout vwayaj la.
6 O sacerdote respondeu: Ide em paz: vossa viagem está sob o olhar de Deus.
7 Senk mesye yo ale, yo rive lavil layis. Yo wè ki jan moun ki te rete Layis yo te san pwoblèm, tankou moun peyi Sidon yo. Se te yon bann moun ki t'ap viv byen yonn ak lòt, ki pa t' nan kont ak pesonn nan peyi a. Yo te gen tou sa yo te bezwen. Yo t'ap viv byen lwen moun peyi Sidon yo, yo pa t' mele ak pesonn moun lòt nasyon yo.
7 Os cinco homens puseram-se a caminho e foram até Lais. Viram ali um povo que habitava seguro, pacífico e tranqüilo, segundo o costume dos sidônios. Não havia naquele terra nenhum rei que dominasse sobre os seus habitantes, ou que os molestasse em coisa alguma. Viviam longe dos sidônios e não tinham relações com ninguém.
8 Mesye yo tounen lavil Soreja ak lavil Echtawòl. Fanmi yo mande yo kisa yo wè.
8 Voltando para seus irmãos em Sorea e Estaol, estes disseram: Que pudestes fazer?
9 Yo reponn: -Nou wè peyi a. Li bon anpil. Pa rete isit la bra kwaze ap gade. Prese non! Ann moute al pran peyi a pou nou.
9 Eles responderam: Vamos, subamos contra eles. Vimos a sua terra que é excelente. Por que ficais aí sem nada dizer? Não demoreis a pôr-vos em marcha para tomar posse dessa terra.
10 Lè n'a rive, n'a jwenn yon bann moun ki p'ap sispèk anyen. Peyi a laj anpil. Se Bondye menm ki ban nou peyi a. Se kote n'ap jwenn tou sa nou ka bezwen.
10 Quando ali entrardes, encontrareis um povo que vive em segurança e uma terra espaçosa que Deus vos entregará nas mãos, uma região onde nada falta daquilo que a terra produz.
11 Se konsa sisan (600) gason nan branch fanmi Dann lan, yo tout moun lavil Soreja ak moun lavil Echtawòl, yo chak ak zam nan men yo, yo pati al goumen.
11 Seiscentos homens da família de Dá partiram, pois, de Sorea e de Estaol, munidos com armas de guerra
12 Yo moute, yo rete toupre lavil Kiriyat-Jearim, nan peyi Jida sou bò solèy kouche. Se poutèt sa, jouk jounen jòdi a, yo rele kote sa a Kan moun Dann yo.
12 e acamparam em Cariatiarim, em Judá. Por isso deu-se àquele lugar o nome de Mahanê-Dã, o qual assim se chama ainda hoje, e está situado ao ocidente de Cariatiarim.
13 Apre sa, yo kite kote yo te ye a, y' al nan mòn Efrayim yo, yo rive bò kay Mika a.
13 Dali passaram às montanhas de Efraim e chegaram à casa de Micas.
14 Lè sa a, senk mesye yo te voye al vizite peyi ki nan vwazinaj lavil layis la di lòt moun ki te avèk yo konsa: -Eske nou konnen, nan yonn nan kay sa yo gen yon estati ansanm ak lòt zidòl wogatwa? Gen yon estati an bwa ki kouvri ak ajan tou. Kisa nou kwè nou ta fè la a?
14 E os cinco homens que tinham sido enviados a explorar a terra de Lais disseram aos seus irmãos: Sabeis que há nessa casa um efod, uns terafim e um ídolo fundido? Considerai agora o que tendes a fazer.
15 Yo fè yon ti chankre, yo antre lakay Mika, kote jenn moun fanmi Levi a te rete a. Yo mande l' nouvèl li.
15 Dirigiram-se para lá e entraram na casa do jovem levita, em casa de Micas, para saudá-lo e informar-se de como ia passando.
16 Sisan moun fanmi Dann yo te kanpe ak tout zam yo nan men yo bò pòt devan an.
16 Entretanto, os seiscentos danitas, armados como estavam, ficaram à porta.
17 Senk mesye yo te voye al vizite peyi a antre nan kay la, yo pran estati a, zidòl wogatwa yo ak estati an bwa ki kouvri ak ajan an. Prèt la menm te rete bò pòt devan an ak sisan sòlda ame yo.
17 Os cinco exploradores penetraram {sozinhos} na capela e tomaram o ídolo com o efod e os terafim, enquanto o sacerdote se achava com os seiscentos homens armados à entrada da porta.
18 Lè prèt la wè senk mesye yo ki t'ap soti lakay Mika a ak estati a, zidòl wogatwa yo ak estati an bwa kouvri ak ajan an, li di yo: -Sa n'ap fè la a?
18 Tiraram, pois, da casa de Micas, o ídolo, o efod e os terafim. O sacerdote disse-lhes: Que fazeis vós?
19 Yo reponn li: -Pe bouch ou, monchè! Ou pa bezwen di anyen! Vin avèk nou, w'a sèvi nou konseye, w'a prèt nou tou. Sa ou pi pito: prèt fanmi yon grenn moun osinon prèt tout yon branch fanmi nan pèp Izrayèl la?
19 Cala-te, responderam-lhe, põe a mão na boca e vem conosco; tu nos servirás de pai e de sacerdote. O que é melhor para ti: ser sacerdote na casa de um particular, ou numa tribo e numa família de Israel?
20 Sa te fè kè prèt la kontan. Li pran zidòl la, estati an bwa a, ak lòt zidòl wogatwa yo, epi l' ale ansanm ak yo.
20 Alegrou-se o coração do sacerdote, e ele, tomando o efod, os terafim e o ídolo, foi com a tropa.
21 Mesye yo reprann chemen yo, y' al fè wout yo. Yo fè timoun yo pran devan ansanm ak bèt yo ak tout lòt bagay yo.
21 Puseram-se de novo a caminho, precedidos das crianças, do gado e das bagagens.
22 Yo te deja kite kay Mika a yon bèl ti bout, lè moun nan vwazinaj kay Mika yo sanble. Yo tanmen rapouswiv moun Dann yo.
22 Estando eles já longe da casa de Micas, os vizinhos deste ajuntaram-se e perseguiram os danitas.
23 Yo t'ap rele dèyè yo. Moun Dann yo vire, yo mande Mika: -Sa ki genyen? Pouki tout moun sa yo dèyè nou an?
23 Interrogados, os filhos de Dã voltaram-se e disseram a Micas: Que queres tu, e por que trazes toda essa gente?
24 Mika reponn yo: -N'ap mande m' sa ki genyen menm? Nou fin vòlò estati zidòl yo, ansanm ak prèt mwen an epi n' al fè wout nou. Ak kisa nou kite m' la a?
24 Ele respondeu: Tirastes os meus deuses que fiz para mim, tomastes o sacerdote e partistes. Que me resta agora? E como podeis perguntar o que quero?
25 Moun Dann yo di l' konsa: -Pa pale fò sou nou konsa, tande. Mesye yo va fache. Y'a tonbe sou ou. Lè sa a, ni ou ni moun lakay ou yo, n'a pèdi lavi nou.
25 Os danitas replicaram: Nem mais uma palavra diante de nós! Não suceda que alguns se impacientem contra vós e percais a vida, tu e tua família!
26 Aprè sa, moun Dann yo al fè wout yo. Mika menm, lè li wè mesye yo te pi fò pase l', li tounen tounen l', l' al lakay li.
26 E os danitas continuaram o seu caminho. Micas, vendo que aqueles homens eram mais fortes que ele, voltou para a sua casa.
27 Moun Dann yo te pran bagay Mika te fè yo ansanm ak prèt ki t'ap sèvi li a pou yo. Yo rive lavil layis, kote moun yo t'ap viv byen yonn ak lòt san bri san kont, yo atake lavil la. Yo bat moun yo, yo touye yo tout epi yo met dife nan lavil la.
27 Desse modo, tomaram os danitas a obra que Micas tinha feito, juntamente com o seu sacerdote. Atacaram então Lais, um povo pacífico e seguro, passaram-no ao fio da espada e queimaram a cidade.
28 Pa t' gen pesonn pou vin sove moun sa yo anba men moun Dann yo, paske lavil la te lwen peyi Sidon an anpil, lèfini tou, moun yo pa t' mele ak pesonn moun lòt nasyon yo. Lavil la te nan menm fon ak lavil Bètreyòb la. Moun Dann yo rebati lavil la, yo rete ladan l'.
28 Não houve quem a salvasse, porque estava longe de Sidon e não tinham relações com ninguém. Essa cidade estava situada no vale pertencente a Bet-Roob. Os danitas reedificaram a cidade e habitaram-na,
29 Yo rele l' lavil Dann, menm non ak Dann, zansèt yo a, pitit gason Jakòb la. Anvan sa, lavil la te rele Layis.
29 chamando-a cidade de Dã, nome de seu pai, que tinha nascido de Israel; a cidade chamava-se primitivamente Lais.
30 Moun Dann yo fè yon zidòl pou yo sèvi. Se Jonatan, pitit gason Gèchon ki li menm te pitit Moyiz, ki te sèvi yo prèt. Se pitit li yo ki te toujou sèvi yo prèt apre sa jouk lè yo te depòte pèp la nan peyi etranje.
30 E erigiram em seguida o ídolo. Jonatã, filho de Gersã filho de Moisés, e seus descendentes foram sacerdotes na tribo de Dã até o dia de sua deportação.
31 Zidòl Mika a te rete la nan mitan yo pandan tout tan kay Bondye a te lavil Silo.
31 O ídolo de Micas foi conservado entre eles durante todo o tempo que o santuário de Deus ficou em Silo.

Ler em outra tradução

Comparar com outra

Estude este capítulo no WhatsApp

Peça à IA da Bíblia Fala para explicar Juízes 18, comparar traduções ou montar um estudo — tudo direto pelo WhatsApp.