Juízes 15
Haitian Creole Version (HAT) vs NVI
1 Kèk tan apre sa, pandan rekòt ble a, Samson al rann madanm li vizit. Li te pote yon jenn ti kabrit pou li. Li di bòpè li: -Mwen pral antre nan chanm madanm mwen! Men, bòpè a pa t' kite l' antre.
1 Algum tempo depois, na época da colheita do trigo, Sansão foi visitar a sua mulher e levou-lhe um cabrito. "Vou ao quarto da minha mulher", disse ele. Mas o pai dela não quis deixá-lo entrar.
2 Li di Samson konsa: -Mwen te kwè ou te rayi l'! Se konsa, mwen pran l' bay pi bon zanmi ou lan. Men, ti sè l' la pi bèl pase l'. Ou te mèt pran ti sè a nan plas gran sè a.
2 "Eu estava tão certo de que você a odiava", disse ele, "que a dei ao seu amigo. A sua irmã mais nova não é mais bonita? Fique com esta no lugar da irmã".
3 Samson di yo: -Fwa sa a, si m' fè moun Filisti yo kichòy, piga pesonn vin di m' anyen.
3 Sansão lhes disse: "Desta vez ninguém poderá me culpar quando acertar as contas com os filisteus! "
4 L' ale, li pran twasan (300) chen mawon. Li mare yo nan ke de pa de, ak yon bwa chandèl nan mitan ke yo.
4 Então saiu, capturou trezentas raposas e as amarrou aos pares pela cauda. Depois prendeu uma tocha em cada par de caudas,
5 Apre sa, li mete dife nan bwa chandèl yo, epi li lage chen mawon yo nan jaden ble moun Filisti yo. Dife boule dènye ble moun yo, non sèlman ble ki kase deja yo, men tou ble ki te sou pye toujou. Dife a boule ata jaden rezen yo ak jaden oliv yo.
5 acendeu as tochas e soltou as raposas no meio das plantações dos filisteus. Assim ele queimou os feixes, o cereal que iam colher, e também as vinhas e os olivais.
6 Lè sa a, moun Filisti yo mande: -Ki moun ki fè sa? Yo di yo: -Se Samson, bofi nonm lavil Timna a, ki fè l', paske bòpè l' te pran madan Samson, li bay yon bon zanmi Samson. Se konsa moun Filisti yo ale yo boule madanm lan ansanm ak papa l' nan kay la.
6 Os filisteus perguntaram: "Quem fez isso? ", responderam-lhes: "Foi Sansão, o genro do timnita, porque a sua mulher foi dada ao seu amigo". Então os filisteus foram e queimaram a mulher e seu pai.
7 Samson di yo: -Anhan! Se konsa nou fè sa? Bon. Mwen p'ap sispann toutotan mwen pa fin fè nou peye sa nou fè m' la a.
7 Sansão lhes disse: "Já que fizeram isso, não sossegarei enquanto não me vingar de vocês".
8 Se konsa, li atake yo avèk raj, li touye anpil ladan yo. Apre sa, l' ale rete nan yon twou wòch bò lavil Etam.
8 Ele os atacou sem dó nem piedade e fez terrível matança. Depois desceu e ficou numa caverna da rocha de Etã.
9 Moun Filisti yo al moute kan yo nan peyi Jida, epi yo atake lavil Leki.
9 Os filisteus foram para Judá e lá acamparam, espalhando-se pelas proximidades de Leí.
10 Moun peyi Jida yo mande yo: -Poukisa nou vin atake nou? Yo reponn: -Nou vin isit la pou n' mare Samson, pou n' fè l' pase menm sa li te fè nou pase a.
10 Os homens de Judá perguntaram: "Por que vocês vieram lutar contra nós? " Eles responderam: "Queremos levar Sansão amarrado, para tratá-lo como ele nos tratou".
11 Lè sa a, twamil (3000) gason peyi Jida desann bò twou wòch Etam lan, epi yo di Samson: -Gen lè ou pa konnen se moun Filisti yo ki chèf nan peyi nou an? Poukisa ou fè nou sa? Li reponn yo: -Mwen fè yo menm sa yo te fè m' lan.
11 Três mil homens de Judá desceram então à caverna da rocha de Etã e disseram a Sansão: "Você não sabe que os filisteus dominam sobre nós? Você viu o que nos fez? " Ele respondeu: "Fiz a eles apenas o que eles me fizeram".
12 Yo di l': -Nou vin isit la pou nou mare ou, pou nou ka mennen ou bay moun Filisti yo. Samson di yo: -Fè m' sèman nou p'ap touye m', nou menm!
12 Disseram-lhe: "Viemos amarrá-lo para entregá-lo aos filisteus". Sansão disse: "Jurem-me que vocês mesmos não me matarão".
13 Yo di l': -O non! N'ap annik mare ou, epi n'ap mennen ou bay moun Filisti yo. Nou p'ap touye ou! Yo pran de kòd tou nèf, yo mare l' byen mare epi yo tounen avè l' soti nan twou wòch la.
13 "Certamente que não! ", responderam. "Somente vamos amarrá-lo e entregá-lo nas mãos deles. Não o mataremos. " E o prenderam com duas cordas novas e o fizeram sair da rocha.
14 Lè yo rive lavil Leki, moun Filisti yo kouri vin kontre avè l', yo t'ap rele sitèlman yo te kontan yo te pran li. Lespri Seyè a desann sou Samson. Epi li kase kòd ki te mare de bra l' yo. Moso kòd yo tonbe atè, ou ta di fil ki boule nan dife.
14 Quando ia chegando a Leí, os filisteus foram ao encontro dele aos gritos. Mas o Espírito do Senhor apossou-se dele. As cordas em seus braços se tornaram como fibra de linho queimada, e os laços caíram das suas mãos.
15 Li jwenn zo machwè yon bourik ki te fenk mouri, li lonje men l', li pran l', li touye mil (1000) moun avè l'.
15 Encontrando a carcaça de um jumento, pegou a queixada e com ela matou mil homens.
16 Lèfini, li pran chante, li di: -Avèk yon zo machwè bourik mwen touye mil moun. Avèk yon zo machwè bourik mwen bat yo byen bat.
16 Disse ele então: "Com uma queixada de jumento fiz deles montões. Com uma queixada de jumento matei mil homens".
17 Lè li fin di sa, li voye zo machwè bourik la jete. Li rele kote l' te ye a: Mòn zo machwè.
17 Quando acabou de falar, jogou fora a queixada; e o local foi chamado Ramate-Leí.
18 Apre sa, Samson vin anvi bwè dlo. Li rele Seyè a, li di: -Ou fin fè m' genyen bèl batay sa a. Koulye a, w'ap kite m' mouri swaf dlo pou bann moun ki p'ap sèvi ou yo mete men sou mwen!
18 Sansão estava com muita sede e clamou ao Senhor: "Deste pela mão de teu servo esta grande vitória. Morrerei eu agora de sede para cair nas mãos dos incircuncisos? "
19 Lè sa a, Bondye louvri yon twou nan tè a bò lavil Leki a, epi dlo pete soti ladan l'. Samson bwè dlo, li santi l' refè. Se poutèt sa yo rele sous sa a Sous Akore. Sous sa a la bò lavil Leki jouk jòdi a.
19 Deus então abriu a rocha que há em Leí, e dela saiu água. Sansão bebeu, suas forças voltaram, e ele recobrou o ânimo. Por esse motivo essa fonte foi chamada En-Hacoré, e ainda lá está, em Leí.
20 Samson gouvènen pèp Izrayèl la pandan ventan sou rèy moun Filisti yo.
20 Sansão liderou Israel durante vinte anos no tempo do domínio dos filisteus.
Atalhos do teclado
- Capítulo anterior←
- Próximo capítulo→
- Versículo anteriork
- Próximo versículoj
- Limpar seleçãoEsc
- Esta ajuda?
Estude este capítulo no WhatsApp
Peça à IA da Bíblia Fala para explicar Juízes 15, comparar traduções ou montar um estudo — tudo direto pelo WhatsApp.