Josué 22
Haitian Creole Version (HAT) vs NVI
1 Lè sa a, Jozye fè rele tout moun nan branch fanmi Woubenn, nan branch fanmi Gad ak nan mwatye branch fanmi Manase a, li reyini yo,
1 Josué convocou as tribos de Rúben, de Gade e a metade da tribo de Manassés
2 li di yo: -Nou fè tou sa Moyiz, sèvitè Seyè a, te ban nou lòd fè a. Nou te koute m' chak fwa mwen te mande nou fè kichòy.
2 e lhes disse: "Vocês fizeram tudo o que Moisés, servo do Senhor, ordenou.
3 Depi nan konmansman rive jòdi a, nou pa lage moun pèp Izrayèl parèy nou yo, nou te fè tou sa Seyè a, Bondye nou an, te mande nou fè.
3 Durante muito tempo, e até hoje, vocês não abandonaram os seus irmãos, mas cumpriram a missão que o Senhor, o seu Deus, lhes entregou.
4 Koulye a, Seyè a, Bondye nou an, ba yo lapè jan li te di yo a. Se konsa, nou mèt tounen al lakay nou, nan peyi ki pou nou an, peyi Moyiz, sèvitè Seyè a, te ban nou lòt bò larivyè Jouden.
4 Agora que o Senhor, o seu Deus, já concedeu descanso aos seus irmãos israelitas, como tinha prometido, voltem para casa, para a terra que Moisés, servo do Senhor, lhes deu no outro lado do Jordão.
5 Sèl bagay n'ap mande nou, se pou nou obeyi kòmandman ak lalwa Moyiz, sèvitè Seyè a, te ban nou an. Se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an. Se pou nou toujou mache nan chemen li mete devan nou an. Se pou nou fè tou sa l' mande nou fè. Se pou nou kenbe pye l' fèm. Se pou nou sèvi l' ak tout kè nou ak tout nanm nou.
5 Mas guardem fielmente o mandamento e a lei que Moisés, servo do Senhor, lhes deu de amar o Senhor, o seu Deus, andar em todos os seus caminhos, obedecer aos seus mandamentos, apegar-se a ele e servi-lo de todo o coração e de toda a alma".
6 Apre sa, Jozye ba yo benediksyon, li voye yo ale. Epi, y' al lakay yo.
6 Então Josué os abençoou e os despediu, e eles foram para casa.
7 Moyiz te pran peyi Bazan an, li te bay mwatye nan branch fanmi Manase a. Jozye menm te bay lòt mwatye branch fanmi an yon pòsyon tè nan peyi ki sou bò solèy kouche larivyè Jouden an ansanm ak lòt branch fanmi pèp la. Lè Jozye t'ap voye premye mwatye moun Manase yo ale lakay yo, lè li fin beni yo,
7 ( À metade da tribo de Manassés Moisés dera terras em Basã, e à outra metade da tribo Josué dera terras no lado oeste do Jordão, junto com outros israelitas. ) Ao mandá-los para casa, Josué os abençoou,
8 li di yo konsa: -N'ap tounen lakay nou avèk anpil richès, avèk anpil bèt, avèk anpil bagay fèt an ajan, an lò, an kwiv, an fè, ansanm ak anpil rad. Separe avèk moun pèp Izrayèl parèy nou yo tou sa nou te pran nan men lènmi nou yo nan lagè.
8 dizendo: "Voltem para casa com as riquezas que juntaram: grandes rebanhos, prata, ouro, bronze e ferro, e muitas roupas. Dividam com os seus irmãos os despojos de seus inimigos".
9 Se konsa, moun branch fanmi Woubenn yo, moun branch fanmi Gad yo ak mwatye moun nan branch fanmi Manase yo tounen tounen yo lakay yo. Yo kite rès pèp Izrayèl la lavil Silo nan peyi Kanaran, y' al nan peyi Galarad, nan peyi yo te ba yo a, dapre lòd Seyè a te bay Moyiz pou yo.
9 Assim as tribos de Rúben, de Gade e a metade da tribo de Manassés deixaram os outros israelitas em Siló, na terra de Canaã, para voltarem para Gileade, sua própria terra, da qual se apossaram de acordo com a ordem do Senhor, dada por meio de Moisés.
10 Lè moun Woubenn yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo rive devan larivyè Jouden, sou bò peyi Kanaran an, yo bati yon kokenn chenn lotèl sou rivaj la.
10 Quando chegaram a Gelilote, perto do Jordão, em Canaã, as tribos de Rúben, de Gade e a metade da tribo de Manassés construíram um imponente altar ali, junto ao Jordão.
11 Lòt moun pèp Izrayèl yo vin konn sa. Moun te vin di yo: -Men moun Woubenn yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo bati yon lotèl toupre larivyè Jouden sou fwontyè peyi Kanaran an, sou bò peyi moun Izrayèl yo.
11 E, quando os outros israelitas souberam que eles tinham construído o altar na fronteira de Canaã, em Gelilote, perto do Jordão, no lado israelita,
12 Lè pèp Izrayèl la vin konn sa, tout moun sanble lavil Silo pou y' al goumen ak moun Woubenn yo, moun Gad yo ak lòt mwatye moun Manase yo.
12 toda a comunidade de Israel reuniu-se em Siló para guerrear contra eles.
13 Moun pèp Izrayèl yo voye Fineas, pitit gason Eleaza, prèt la, bò kote moun Woubenn yo, moun Gad yo ansanm ak mwatye moun Manase yo nan pèyi Galarad.
13 Então os israelitas enviaram Finéias, filho do sacerdote Eleazar, à terra de Gileade, às tribos de Rúben e Gade e à metade da tribo de Manassés.
14 Yo te pran dis chèf, yonn pou chak branch fanmi pèp Izrayèl la, yo voye yo avèk Fineas. Chèf sa yo, se moun ki te alatèt branch fanmi pèp Izrayèl yo.
14 Com ele enviaram dez líderes, um de cada tribo de Israel, sendo cada um deles chefe de suas respectivas famílias dentre os clãs israelitas.
15 Se konsa, mesye sa yo rive bò moun Woubenn yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo nan peyi Galarad, epi yo di yo:
15 Quando chegaram a Gileade, às tribos de Rúben e de Gade e à metade da tribo de Manassés, disseram-lhes:
16 -Men sa tout moun pèp Izrayèl yo voye di nou: Ki bagay lèd sa a nou fè konsa kont Bondye pep Izrayèl la? Poukisa jòdi a nou vire do bay Seyè a, n' al bati yon lotèl pou tèt pa nou? Poukisa nou leve kont Seyè a jòdi a?
16 "Assim diz toda a comunidade do Senhor: ‘Como foi que vocês cometeram essa infidelidade para com o Deus de Israel? Como foi que se afastaram do Senhor, construindo um altar para vocês, rebelando-se assim contra ele?
17 Chonje peche nou te fè bò Peyò a, lè Seyè a te pini pèp li a. Jouk koulye a n'ap soufri pou bagay sa a toujou. Sa pa kont toujou?
17 Já não nos bastou o pecado de Peor? Até hoje não nos purificamos daquele pecado, muito embora uma praga tenha caído sobre a comunidade do Senhor!
18 Men jòdi a, n'ap vire do bay Seyè a ankò. Si nou leve kont Seyè a jòdi a, denmen se sou tout pèp Izrayèl la li pral fache.
18 E agora vocês estão abandonando o Senhor! " ‘Se hoje vocês se rebelarem contra o Senhor, amanhã a sua ira cairá sobre toda a comunidade de Israel.
19 Si nou wè peyi yo ban nou an pa bon pou fè sèvis Bondye, pito nou vin bò isit la nan peyi Seyè a, kote kay Seyè a ye a. Mande pou yo ban nou yon pòsyon pou nou ladan l'. Men, pa leve kont Seyè a, ni pa vire do ban nou. Piga nou kite lotèl Seyè a, Bondye nou an, pou n' al bati yon lòt lotèl.
19 Se a terra que vocês receberam como propriedade está contaminada, passem então para a terra que pertence ao Senhor, onde está o tabernáculo do Senhor, e se apossem de um território entre nós. Mas não se rebelem contra o Senhor nem contra nós, construindo para vocês um altar que não seja o altar do Senhor, do nosso Deus.
20 Chonje Akan, pitit gason Zera a, lè li te derefize swiv lòd Seyè a te bay pou bagay nou te fèt pou detwi nèt yo. Lè sa a, se tout pèp Izrayèl la nèt wi, Seyè a te pini. Se pa Akan sèlman ki te peye pou sa l' te fè a.
20 Quando Acã, filho de Zerá, foi infiel com relação às coisas consagradas, não caiu a ira sobre toda a comunidade de Israel? E ele não foi o único que morreu por causa do seu pecado’ ".
21 Lè sa a, moun Woubenn yo, moun Gad yo ak mwatye moun Manase yo pran lapawòl, yo reponn chèf fanmi pèp Izrayèl la. Yo di yo:
21 Então as tribos de Rúben, de Gade e a metade da tribo de Manassés responderam aos chefes dos clãs de Israel:
22 -Seyè a, Bondye ki gen plis pouvwa pase tout lòt bondye yo, konnen se pa paske nou leve kont li, ni paske nou vle vire do ba li kifè nou bati lotèl sa a. Li konnen sa, epi se pou l' fè pèp Izrayèl la konn sa tou. Si se pou rezon sa yo nou te moute lotèl sa a, se pou l' kite yo touye nou jòdi a menm.
22 "O Poderoso, Deus, o Senhor! O Poderoso, Deus, o Senhor! Ele sabe! E que Israel o saiba! Se agimos com rebelião ou infidelidade para com o Senhor, não nos poupem hoje.
23 Si nou bati lotèl sa a pou nou vire do bay Seyè a, pou nou ka gen lotèl pa nou pou boule bèt n'ap ofri yo sou li, oswa pou fè lòt ofrann jaden nou yo, osinon ofrann pou di Bondye mèsi, se pou Seyè a mande nou kont pou sa nou fè a.
23 Se construímos nosso próprio altar para nos afastarmos do Senhor e para oferecermos holocaustos e ofertas de cereal, ou sacrifícios de comunhão sobre ele, que o próprio Senhor nos peça contas disso!
24 Pou di vre, nou te fè l' paske nou te pè pou denmen pitit pitit nou menm moun pèp Izrayèl bò lòt bò a pa di pitit pitit pa nou yo bò isit la: Nou pa gen anyen pou nou wè ak Seyè a.
24 "Ao contrário! Fizemos isso temendo que no futuro os seus descendentes dissessem aos nossos: ‘Que relação vocês têm com o Senhor, com o Deus de Israel?
25 Seyè a mete larivyè Jouden an tankou yon limit nan mitan pèp Izrayèl la yon bò ak moun Woubenn yo ak moun Gad yo yon bò. Se sa ki fè moun Woubenn yo ak moun Gad yo pa gen anyen pou yo wè ak Seyè a. Konsa pitit moun pèp Izrayèl yo va lakòz pitit moun Woubenn yo ak pitit moun Gad yo sispann gen krentif pou Seyè a.
25 Homens de Rúben e de Gade! O Senhor fez do Jordão uma fronteira entre nós e vocês. Vocês não têm parte com o Senhor’. Assim os seus descendentes poderiam levar os nossos a deixarem de temer o Senhor.
26 Lè sa a nou di: Bon! Nou pral bati yon lotèl, nou pa pral boule ofrann ni touye ankenn bèt sou li.
26 "É por isso que resolvemos construir um altar, não para holocaustos ou sacrifícios,
27 Sèlman, se pou lotèl sa a sèvi yon mak pou nou tout ki la koulye a ak pou pitit nou yo, pou fè nou chonje se Seyè a nou sèvi avèk ofrann boule nou yo, avèk bèt nou touye yo, avèk ofrann pou di Bondye mèsi nou yo. Konsa denmen, pitit moun pèp Izrayèl yo p'ap ka di pitit pa nou yo: Wi, nou pa gen anyen pou nou wè ak Seyè a.
27 mas, para que esse altar sirva de testemunho entre nós e vocês e as gerações futuras, de que cultuaremos o Senhor em seu santuário com nossos holocaustos, sacrifícios e ofertas de comunhão. Então, no futuro, os seus descendentes não poderão dizer aos nossos: ‘Vocês não têm parte com o Senhor’.
28 Nou te fè lide si yon jou yon moun ta vin di nou bagay konsa, osinon ta vin pale konsa ak pitit nou yo, n'a ka reponn yo: Gade! Men lotèl zansèt nou yo te bati. Li pòtre ak lotèl Seyè a. Se pa t' pou boule ofrann, ni pou touye ankenn bèt sou li. Men, se te yon mak pou fè nou tout chonje sak te pase!
28 "E dissemos: Se algum dia disserem isso a nós ou aos nossos descendentes, responderemos: Vejam a réplica do altar do Senhor que os nossos antepassados construíram, não para holocaustos ou sacrifícios, mas como testemunho entre nós e vocês.
29 Nou pa janm fè lide leve kont Seyè a, ni vire do ba li. Nou pa bati yon lotèl jòdi a pou nou boule bèt nou yo, ni pou fè ofrann jaden nou yo, ni pou touye bèt nou ofri yo. Nou p'ap janm bati yon lòt lotèl ki pou ranplase lotèl Seyè a, Bondye nou an, ki kanpe devan kay kote l' rete a.
29 "Longe de nós nos rebelarmos contra o Senhor e nos afastarmos dele, construindo para holocaustos, ofertas de cereal e sacrifícios um altar que não seja o altar do Senhor, do nosso Deus, que está diante do seu tabernáculo! "
30 Lè Fineas, prèt la, chèf pèp la ak chèf branch fanmi pèp Izrayèl ki te ale avè l' yo tande sa moun Gad, moun Woubenn ak moun Manase yo te di yo, sa te fè yo plezi anpil.
30 Quando o sacerdote Finéias e os líderes da comunidade, os chefes dos clãs dos israelitas, ouviram o que os homens de Rúben, de Gade e de Manassés disseram, deram-se por satisfeitos.
31 Lè sa a, Fineas, pitit gason Eleaza, prèt la, pale ak yo, li di yo konsa: -Koulye a nou konnen Seyè a avèk nou vre, paske nou pa t' chache vire do ba li. Se konsa nou sove pèp Izrayèl la anba chatiman Seyè a.
31 E Finéias, filho do sacerdote Eleazar, disse a Rúben, a Gade e a Manassés: "Hoje sabemos que o Senhor está conosco, pois vocês não foram infiéis para com o Senhor. E assim vocês livraram os israelitas da mão do Senhor".
32 Apre sa, Fineas, pitit Eleaza, prèt la, ak tout chèf yo kite moun Woubenn yo ak moun Gad yo nan peyi Galarad, yo tounen nan peyi Kanaran al jwenn rès pèp Izrayèl la. Yo rapòte yo repons lòt moun yo te ba yo a.
32 Então Finéias, filho do sacerdote Eleazar, e os líderes voltaram do encontro com os homens de Rúben e de Gade em Gileade, e foram para Canaã dar relatório aos outros israelitas.
33 Sa te fè pèp Izrayèl la plezi anpil: yo fè lwanj Bondye. Depi lè sa a, yo pa janm pale ankò sou keksyon al atake moun Woubenn yo ak moun Gad yo ni sou keksyon al detwi peyi moun sa yo.
33 Estes se alegraram com o relatório e louvaram a Deus. E não mais falaram em guerrear contra as tribos de Rúben e de Gade, nem em devastar a região onde eles viviam.
34 Moun branch fanmi Woubenn yo ak moun branch fanmi Gad yo rele lotèl la Temwen, paske yo t'ap di: L'a sèvi temwen devan nou tout se Seyè a ki Bondye.
34 Os homens de Rúben e de Gade deram ao altar este nome: Um Testemunho Entre Nós de que o Senhor é Deus.
Atalhos do teclado
- Capítulo anterior←
- Próximo capítulo→
- Versículo anteriork
- Próximo versículoj
- Limpar seleçãoEsc
- Esta ajuda?
Estude este capítulo no WhatsApp
Peça à IA da Bíblia Fala para explicar Josué 22, comparar traduções ou montar um estudo — tudo direto pelo WhatsApp.