Jeremias 52

Haitian Creole Version (HAT) vs ARA

Sair da comparação
ARA Almeida Revista e Atualizada 1993
1 Sedesyas te gen venteyennan lè li vin wa peyi Jida. Li pase onzan lavil Jerizalèm ap gouvènen peyi a. Manman l' te rele Amoutal. Se te pitit fi Jeremi, moun lavil Libna.
1 Tinha Zedequias a idade de vinte e um anos, quando começou a reinar e reinou onze anos em Jerusalém. Sua mãe se chamava Hamutal e era filha de Jeremias, de Libna.
2 Wa Sedesyas te fè sa ki mal devan Bondye menm jan ak Jojakim.
2 Fez ele o que era mau perante o Senhor , conforme tudo quanto fizera Jeoaquim.
3 Se konsa, Seyè a te fache ni sou moun lavil Jerizalèm yo, ni sou moun peyi Jida yo, jouk jou li wete yo devan je l'. Sedesyas te pran lezam kont Nèbikadneza, wa Babilòn lan.
3 Assim sucedeu por causa da ira do Senhor contra Jerusalém e contra Judá, a ponto de os rejeitar de sua presença; Zedequias rebelou-se contra o rei da Babilônia.
4 Se konsa, sou dezyèm jou dizyèm mwa nevyèm lanne depi Sedesyas te wa a, Nèbikadneza, wa Babilòn lan, vin atake lavil Jerizalèm ak tout lame li a. Yo moute kan yo devan miray lavil la, yo mete ranblè nan pye miray yo. Yo sènen l' nèt.
4 Sucedeu que, em o nono ano do reinado de Zedequias, aos dez dias do décimo mês, Nabucodonosor, rei da Babilônia, veio contra Jerusalém, ele e todo o seu exército, e se acamparam contra ela, e levantaram contra ela tranqueiras em redor.
5 Yo fèmen lavil la depi lè sa a rive sou onzyèm lanne rèy wa Sedeisas la.
5 A cidade ficou sitiada até ao undécimo ano do rei Zedequias.
6 Sou nevyèm jou katriyèm mwa menm lanne sa a, te gen yon sèl grangou nan lavil la, moun yo pa t' gen anyen pou yo manje ankò.
6 Aos nove dias do quarto mês, quando a cidade se via apertada da fome, e não havia pão para o povo da terra,
7 Yo fè yon twou nan miray yo. Atout lame moun Babilòn yo te sènen lavil la nèt, tout sòlda jwif yo met deyò, yo kite lavil la nan mitan lannwit, yo pase nan mitan jaden wa a, yo desann nan wout pòtay la nan mitan de miray yo, yo pran chemen Fon Jouden an pou yo.
7 então, a cidade foi arrombada, e todos os homens de guerra fugiram e saíram de noite pelo caminho da porta que está entre os dois muros perto do jardim do rei, a despeito de os caldeus se acharem contra a cidade em redor; e se foram pelo caminho da campina.
8 Men, lame moun Babilòn yo rapouswiv wa Sedesyas. Lè yo rive nan plenn bò lavil Jeriko yo, yo mete men sou li. Lè sa a, tout sòlda li yo gaye, yo kouri kite l'.
8 Porém o exército dos caldeus perseguiu o rei Zedequias e o alcançou nas campinas de Jericó; e todo o exército deste se dispersou e o abandonou.
9 Lènmi yo pran wa a, yo mennen l' bay wa Babilòn lan, ki te lavil Ribla nan peyi Amat la. Se la Nèbikadneza jije li.
9 Então, o tomaram preso e o fizeram subir ao rei da Babilônia, a Ribla, na terra de Hamate, e este lhe pronunciou a sentença.
10 Antan yo lavil Ribla, li fè yo koupe kou tout pitit wa Sedesyas yo devan wa a. Li fè koupe kou tout chèf peyi Jida yo tou.
10 Matou o rei da Babilônia os filhos de Zedequias à sua própria vista, bem assim todos os príncipes de Judá, em Ribla.
11 Lèfini, li fè yo pete tou de je wa Sedesyas, epi yo mare l' ak de gwo chenn fèt an kwiv. Yo mennen l' lavil Babilòn. Yo mete Sedesyas nan prizon, li rete la jouk li mouri.
11 Vazou os olhos de Zedequias, atou-o com duas cadeias de bronze, levou-o à Babilônia e o conservou no cárcere até ao dia da sua morte.
12 Sou dizyèm jou senkyèm mwa nan disnevyèm lanne rèy Nèbikadneza, wa Babilòn lan, Neboucharadan, chèf lagad la, yonn nan konseye li yo, antre lavil Jerizalèm.
12 No décimo dia do quinto mês, do ano décimo nono de Nabucodonosor, rei da Babilônia, Nebuzaradã, o chefe da guarda e servidor do rei da Babilônia, veio a Jerusalém.
13 Li met dife nan kay Bondye a ak nan palè wa a. Li boule dènye kay ki te lavil Jerizalèm, ata kay grannèg yo.
13 E queimou a Casa do Senhor e a casa do rei, como também todas as casas de Jerusalém; também entregou às chamas todos os edifícios importantes.
14 Li bay sòlda ki te avè l' yo lòd demoli tout gwo miray ranpa lavil Jerizalèm yo met atè.
14 Todo o exército dos caldeus que estava com o chefe da guarda derribou todos os muros em redor de Jerusalém.
15 Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran rès moun yo te kite lavil la, li depòte yo lavil Babilòn ansanm ak tout moun ki te vin rann tèt yo bay wa Babilòn lan ak tout bon bòs atizan ki te rete nan lavil la.
15 Dos mais pobres do povo, o mais do povo que havia ficado na cidade, os desertores que se entregaram ao rei da Babilônia e o mais da multidão Nebuzaradã, o chefe da guarda, levou cativos.
16 Men, li kite kèk moun nan mas pèp la ki pa t' gen anyen. Li ba yo jaden rezen ak lòt jaden pou yo okipe.
16 Porém dos mais pobres da terra deixou Nebuzaradã, o chefe da guarda, ficar alguns para vinheiros e para lavradores.
17 Moun Babilòn yo pran gwo poto kwiv yo ki te nan tanp Seyè a, ansanm ak sipò yo, gwo basen kwiv yo, yo kraze yo fè ti moso, yo pote kwiv la ale lavil Babilòn.
17 Os caldeus cortaram em pedaços as colunas de bronze que estavam na Casa do Senhor , como também os suportes e o mar de bronze que estavam na Casa do Senhor ; e levaram todo o bronze para a Babilônia.
18 Yo pran plat pou resevwa sann yo, pèl yo, kouto yo, gode yo, tas yo ak tout lòt bagay an kwiv yo te konn sèvi nan tanp lan.
18 Levaram também as panelas, as pás, as espevitadeiras, as bacias, os recipientes de incenso e todos os utensílios de bronze, com que se ministrava.
19 Chèf lagad la pran dènye bagay ki te fèt an lò ak an ajan: kivèt yo, recho yo, gode yo, plat pou resevwa sann yo, lanp sèt branch yo, bòl yo ak tas yo,
19 Tomou também o chefe da guarda os copos, os braseiros, as bacias, as panelas, os candeeiros, os recipientes de incenso e as taças, tudo quanto fosse de ouro ou de prata.
20 de gwo poto yo, gwo basen lan ak douz estati towo ki te sèvi l' sipò yo, ak kabwèt wa Salomon te fè fè an kwiv pou mete nan tanp lan. Tout bagay sa yo te lou anpil, pesonn pa t' konn pèz yo.
20 Quanto às duas colunas, ao mar e aos suportes que Salomão fizera para a Casa do Senhor , o peso do bronze de todos estes utensílios era incalculável.
21 De poto yo te parèy yonn ak lòt: yo chak te gen vennsèt pye wotè, se yon kòd dizwit pye longè ki pou ta fè wonn yo chak. Poto yo te vid nan mitan. Rebò yo te gen twa pous epesè.
21 Quanto às colunas, a altura de uma era de dezoito côvados, um cordão de doze côvados a cercava, e a grossura era de quatro dedos; era oca.
22 Sou tèt chak poto te gen yon blòk an kwiv sèt pye edmi wotè. Sou tout wonn tèt poto yo, te gen desen ti chenn makònen yonn ak lòt, ak anpil pòtre grenad plake sou yo. Tout te fèt an kwiv. De poto yo te parèy.
22 Sobre ela havia um capitel de bronze; a altura de cada um era de cinco côvados; a obra de rede e as romãs sobre o capitel ao redor eram de bronze.
23 Sou wonn tèt poto yo te gen san grenad antou, men antan ou anba ou te ka wè katrevensèz grenad sèlman.
23 Semelhante a esta era a outra coluna com as romãs. Havia noventa e seis romãs aos lados; as romãs todas sobre a obra de rede ao redor eram cem.
24 Lèfini, Neboucharadan, chèf lagad la, pran Seraya, granprèt la, Sefanya, adjwen li an ansanm ak twa lòt chèf ki la pou veye pòtay tanp lan, li fè yo prizonye.
24 Levou também o chefe da guarda a Seraías, sumo sacerdote, e a Sofonias, segundo sacerdote, e aos três guardas da porta.
25 Nan lavil la, li pran chèf ki te alatèt lame a ansanm ak sèt lòt otorite ki te toujou avèk wa a, ak sekretè kòmandan lame a ki te reskonsab pou pran moun nan lame a, ak swasant lòt grannèg. Tout moun sa yo te nan lavil la toujou.
25 Da cidade tomou a um oficial, que era comandante das tropas de guerra, e a sete homens dos que eram conselheiros pessoais do rei e se achavam na cidade, como também ao escrivão-mor do exército, que alistava o povo da terra, e a sessenta homens do povo do lugar, que se achavam na cidade.
26 Neboucharadan pran yo, li mennen yo bay wa Babilòn lan lavil Ribla.
26 Tomando-os Nebuzaradã, o chefe da guarda, levou-os ao rei da Babilônia, a Ribla.
27 Wa a fè bat yo, lèfini li fè touye yo lavil Ribla nan peyi Amat. Se konsa yo te depòte moun peyi Jida yo byen lwen peyi yo.
27 O rei da Babilônia os feriu e os matou em Ribla, na terra de Hamate.
28 Men kantite moun wa Nèbikadneza te depòte: Nan setyèm lanne rèy li a, li depòte twamil venntwa (3.023) moun peyi Jida.
28 Assim, Judá foi levado cativo para fora de sua terra. Este é o povo que Nabucodonosor levou para o exílio: no sétimo ano, três mil e vinte e três judeus;
29 Nan dizwityèm lanne rèy li a, li depòte witsantrannde (832) moun lavil Jerizalèm.
29 no ano décimo oitavo de Nabucodonosor, levou ele cativas de Jerusalém oitocentas e trinta e duas pessoas;
30 Nan venntwazyèm lanne rèy li a, Neboucharadan, chèf lagad la, te pran sètsankarannsenk (745) moun. Antou sa te fè katmil sisan (4.600) moun yo te depòte.
30 no ano vigésimo terceiro de Nabucodonosor, Nebuzaradã, o chefe da guarda, levou cativas, dentre os judeus, setecentas e quarenta e cinco pessoas; todas as pessoas são quatro mil e seiscentas.
31 Premye lanne wa Evilmewodak pran pouvwa a lavil Babilòn, li fè pa Jojakim, wa peyi Jida a, li fè l' soti nan prizon. Lè sa a, Jojakim te gen trannsizan onz mwa, vennsenk jou, jou pou jou, depi yo te depòte l'.
31 No trigésimo sétimo ano do cativeiro de Joaquim, rei de Judá, no dia vinte e cinco do duodécimo mês, Evil-Merodaque, rei da Babilônia, no ano em que começou a reinar, libertou a Joaquim, rei de Judá, e o fez sair do cárcere.
32 Evilmewodak te sèvi byen avè l', li ba l' premye plas nan mitan tout lòt wa yo te depòte lavil Babilòn tankou l' yo.
32 Falou com ele benignamente e lhe deu lugar de mais honra do que o dos reis que estavam consigo em Babilônia.
33 Li wete rad prizonye ki te sou Jojakim lan, li fè l' vin manje sou menm tab avè l' jouk Jojakim mouri.
33 Mudou-lhe as vestes do cárcere, e Joaquim passou a comer pão na sua presença, todos os dias da sua vida.
34 Chak jou, wa a ba li sa li te bezwen pou l' viv, konsa, konsa, jouk li mouri.
34 E da parte do rei da Babilônia lhe foi dada subsistência vitalícia, uma pensão diária, até ao dia da sua morte, durante os dias da sua vida.

Ler em outra tradução

Comparar com outra

Estude este capítulo no WhatsApp

Peça à IA da Bíblia Fala para explicar Jeremias 52, comparar traduções ou montar um estudo — tudo direto pelo WhatsApp.