Isaías 7

Haitian Creole Version (HAT) vs ACF

Sair da comparação
ACF Almeida Corrigida Fiel
1 Lè sa a, se wa Akaz, pitit gason Jotam, pitit pitit gason Ozyas, ki t'ap gouvènen nan peyi Jida. Rezen, wa peyi Siri, ak Pekak, pitit Remalya, wa peyi Izrayèl, moute al atake lavil Jerizalèm. Men, yo pa t' ka pran l'.
1 Sucedeu, pois, nos dias de Acaz, filho de Jotão, filho de Uzias, rei de Judá, que Rezim, rei da Síria, e Peca, filho de Remalias, rei de Israel, subiram a Jerusalém, para pelejarem contra ela, mas nada puderam contra ela.
2 Yo pote nouvèl la bay wa peyi Jida a ansanm ak tout fanmi l'. Yo di l': -Lame peyi Siri a gen tan anvayi peyi Efrayim. Wa Akaz ansanm ak tout pèp la te sitèlman pè yo t'ap tranble tankou fèy bwa lè van ap soufle.
2 E deram aviso à casa de Davi, dizendo: A Síria fez aliança com Efraim. Então se moveu o seu coração, e o coração do seu povo, como se movem as árvores do bosque com o vento.
3 Seyè a di Ezayi konsa: -Pran Chea-Jachoub, pitit gason ou lan, avè ou. Al kontre wa Akaz. W'a jwenn li sou wout ap moute bò kote yo konn lave twal ki fèk tenn yo, nan direksyon kannal ki bay dlo nan rezèvwa anwo lavil la.
3 Então disse o Senhor a Isaías: Agora, tu e teu filho Sear-Jasube, saí ao encontro de Acaz, ao fim do canal do tanque superior, no caminho do campo do lavandeiro.
4 W'a di l' pou l' fè atansyon pou l' pa pèdi tèt li. Li pa bezwen pè. Li pa bezwen gen kè sote pou de ti bout bwa dife k'ap fè lafimen, ki vle di pou wa Rezen, moun peyi Siri a, ak pou wa Pekaz, pitit Remalya a, k'ap fè kòlè.
4 E dize-lhe: Acautela-te, e aquieta-te; não temas, nem se desanime o teu coração por causa destes dois pedaços de tições fumegantes; por causa do ardor da ira de Rezim, e da Síria, e do filho de Remalias.
5 Moun peyi Siri yo ansanm ak moun Efrayim yo ak pitit Remalya a ap fè konplo sou do ou.
5 Porquanto a Síria teve contra ti maligno conselho, com Efraim, e com o filho de Remalias, dizendo:
6 Yo di y'ap moute atake peyi Jida a. Yo pral kraponnen moun yo, yo pral fè kèk moun nan peyi a pran pozisyon pou yo pou yo ka mete men sou peyi a. Apre sa, yo pral pran pitit gason Tableyèl la, y'ap nonmen l' wa pou gouvènen peyi a.
6 Vamos subir contra Judá, e molestemo-lo e repartamo-lo entre nós, e façamos reinar no meio dele o filho de Tabeal.
7 Enben! Men sa mwen menm, Seyè ki sèl mèt la, mwen di: Sa p'ap mache! Sa p'ap pase konsa!
7 Assim diz o Senhor DEUS: Isto não subsistirá, nem tampouco acontecerá.
8 Poukisa? Lavil Damas se kapital peyi Siri. Rezen se wa lavil Damas. Pou pèp peyi Izrayèl la menm, m' pa ba l' swasannsenkan ankò, peyi yo a ap fin kraze, yo p'ap yon nasyon ankò.
8 Porém a cabeça da Síria será Damasco, e a cabeça de Damasco Rezim; e dentro de sessenta e cinco anos Efraim será destruído, e deixará de ser povo.
9 Lavil Samari se kapital peyi Izrayèl la. Pekak, pitit gason Remalya a, se wa lavil Samari. Si nou pa kenbe konfyans nou fèm nan Bondye, nou menm tou nou p'ap chape.
9 Entretanto a cabeça de Efraim será Samaria, e a cabeça de Samaria o filho de Remalias; se não o crerdes, certamente não haveis de permanecer.
10 Seyè a voye yon lòt komisyon bay wa Akaz. Li di l' konsa:
10 E continuou o Senhor a falar com Acaz, dizendo:
11 -Mande Seyè a, Bondye ou la, pou li ba ou yon siy. Se ka yon siy ki soti anba tè kote mò yo ye a, se ka yon siy ki soti anwo nan syèl la.
11 Pede para ti ao Senhor teu Deus um sinal; pede-o, ou em baixo nas profundezas, ou em cima nas alturas.
12 Akaz reponn: -Mwen p'ap mande Seyè a anyen. Mwen p'ap sonde l'.
12 Acaz, porém, disse: Não pedirei, nem tentarei ao Senhor.
13 Lè sa a, Ezayi di konsa: -Koute non, moun fanmi David yo! Sa pa kont nou toujou? Jan nou fè moun bouke ak nou pou koulye a nou soti pou nou fè Bondye mwen an bouke ak nou tou?
13 Então ele disse: Ouvi agora, ó casa de Davi: Pouco vos é afadigardes os homens, senão que também afadigareis ao meu Deus?
14 Enben! Se Seyè a menm ki pral ban nou yon siy. Men li: Jenn tifi ki ansent lan pral fè yon pitit gason, l'a rele l' Emannwèl (ki vle di: Bondye avèk nou).
14 Portanto o mesmo Senhor vos dará um sinal: Eis que a virgem conceberá, e dará à luz um filho, e chamará o seu nome Emanuel.
15 Se lèt ak siwo myèl ase l'a manje jouk l'a rive laj pou l' konnen sa ki mal ak sa ki byen.
15 Manteiga e mel comerá, quando ele souber rejeitar o mal e escolher o bem.
16 Men, anvan menm ti gason an rive konnen sa ki byen ak sa ki mal, peyi de wa sa yo k'ap fè ou pè a ap rete konsa san pyès moun ladan yo.
16 Na verdade, antes que este menino saiba rejeitar o mal e escolher o bem, a terra, de que te enfadas, será desamparada dos seus dois reis.
17 Seyè a pral fè yon malè sou ou, sou pèp la ak sou tout fanmi David, granpapa ou la, yon malè ki pral pi mal pase lè moun Efrayim yo te separe ak moun Jida yo. L'ap fè wa peyi Lasiri a parèt sou nou.
17 Porém o Senhor fará vir sobre ti, e sobre o teu povo, e sobre a casa de teu pai, pelo rei da Assíria, dias tais, quais nunca vieram, desde o dia em que Efraim se separou de Judá.
18 Lè sa a, Seyè a pral soufle pou moun peyi Lejip yo soti tankou mouch byen lwen, bò dlo larivyè Nil la. L'ap rele moun peyi Lasiri yo pou yo soti tankou lesen myèl lakay yo.
18 Porque há de acontecer que naquele dia assobiará o Senhor às moscas, que há no extremo dos rios do Egito, e às abelhas que estão na terra da Assíria;
19 Yo pral vin plen falèz yo ak tout twou wòch yo. Yo pral toupatou nan tout raje, nan tout jaden zèb.
19 E todas elas virão, e pousarão nos vales desertos e nas fendas das rochas, e em todos os espinheiros e em todos os arbustos.
20 Jou sa a, Seyè a ap fè wa peyi Lasiri a soti lòt bò larivyè Lefrat. Li va tankou yon razwa. L'ap vini, l'ap koupe tout bab ou, tout cheve nan tèt ou ak tout plim sou kò ou.
20 Naquele mesmo dia rapará o Senhor com uma navalha alugada, que está além do rio, isto é, com o rei da Assíria, a cabeça e os cabelos dos pés; e até a barba totalmente tirará.
21 Jou sa a, chak moun va gen yon gazèl bèf ak de mouton pou yo chak.
21 E sucederá naquele dia que um homem criará uma novilha e duas ovelhas.
22 Lè sa a, bèt yo va bay lèt an kantite, tout moun va bwè lèt plen vant yo. Wi, moun ki va chape anba lanmò nan peyi a va bwè lèt ak siwo myèl ase.
22 E acontecerá que por causa da abundância do leite que elas hão de dar, comerá manteiga; e manteiga e mel comerá todo aquele que restar no meio da terra.
23 Jou sa a, kote ki te gen mil (1.000) pye rezen, epi ki te vo mil (1.000) pyès an ajan va plen pikan ak raje.
23 Sucederá também naquele dia que todo o lugar, em que houver mil vides, do valor de mil siclos de prata, será para as sarças e para os espinheiros.
24 Si yon moun pa gen zam nan men l', li p'ap ka pase la. Wi, pikan ak raje pral kouvri tout peyi a.
24 Com arco e flecha se entrará ali, porque toda a terra será sarças e espinheiros.
25 Nan tout mòn kote yo te konn travay ak wou pou plante, pesonn p'ap ka ale la ankò poutèt pikan ak raje. Se bèf y'a lage la, se la mouton yo pral manje.
25 E quanto a todos os montes, que costumavam cavar com enxadas, para ali não irás por causa do temor das sarças e dos espinheiros; porém servirão para se mandarem para lá os bois e para serem pisados pelas ovelhas.

Ler em outra tradução

Comparar com outra

Estude este capítulo no WhatsApp

Peça à IA da Bíblia Fala para explicar Isaías 7, comparar traduções ou montar um estudo — tudo direto pelo WhatsApp.