Isaías 36
Haitian Creole Version (HAT) vs NVI
1 Ezekyas te gen katòzan depi li t'ap gouvènen peyi Jida lè Senakerib, wa peyi Lasiri, vin atake tout lavil nan peyi Jida ki te gen gwo ranpa pou pwoteje yo. Li pran yo.
1 No décimo quarto ano do reinado de Ezequias, Senaqueribe, rei da Assíria, atacou todas as cidades fortificadas de Judá e se apossou delas.
2 Apre sa, li bay chèf gad palè li a lòd pou li kite lavil lakis ak yon gwo lame pou l' moute lavil Jerizalèm ale bò kote wa Ezekyas. Chèf gad palè a rive sou wout ki mennen nan jaden kote yo rense twal ki fenk tenn yo, li moute kan li toupre gwo kannal ki bay dlo nan sitèn anwo lavil la.
2 Então o rei da Assíria enviou de Láquis ao rei Ezequias, em Jerusalém, seu comandante com um grande exército. Quando o comandante parou no aqueduto do açude superior, na estrada que leva ao campo do Lavandeiro,
3 Twa moun Jida soti vin jwenn li. Se te Elyakim, pitit Ilkija a, ki te chèf moun k'ap travay nan palè a, Chebna, sekretè a, ak Joak, pitit Asaf la, ki te reskonsab achiv leta a.
3 o administrador do palácio, Eliaquim, filho de Hilquias, o secretário Sebna e o arquivista real Joá, filho de Asafe, foram ao encontro dele.
4 Chèf gad palè wa Lasiri a di yo konsa: -Ale di wa Ezekyas men mesaj gran wa a, wa peyi Lasiri a, voye ba li: Poukisa ou gen tout konfyans sa a?
4 E o comandante de campo falou: "Digam a Ezequias: "Assim diz o grande rei, o rei da Assíria: ‘Em que você está baseando essa sua confiança?
5 Ou konprann ou ka fè lagè ak bèl pawòl ase san ou pa bezwen entèlijans ak bon sòlda? Sou ki moun ou apiye kò ou pou ou kenbe tèt ak mwen konsa?
5 Você diz que tem estratégia e força militar; mas só palavras vãs. Em quem você confia, para rebelar-se contra mim?
6 Ou al mete konfyans ou nan peyi Lejip! Yon baton wozo tou kase! Anvan ou apiye sou li, l'ap antre nan men ou, l'ap blese ou. Farawon an, wa peyi Lejip ou wè a, se konsa li ye pou tout moun ki fè l' konfyans.
6 Pois veja! Agora você está confiando no Egito, aquela cana esmagada, que fura a mão de quem nela se apóia! Assim é o faraó, o rei do Egito, para todos os que dele dependem.
7 Nou pral di m' koulye a se nan Seyè a, Bondye nou an, nou mete konfyans nou! Atò, se pa kote nou te mete apa pou li yo ansanm ak tout lotèl li yo wa Ezekyas te fè disparèt nan peyi a, lèfini li mande pou tout moun peyi Jida ak moun lavil Jerizalèm vin adore devan yon sèl lotèl la?
7 E se você me disser: "No Senhor, o nosso Deus, confiamos"; não são dele os altos e os altares que Ezequias removeu, dizendo a Judá e a Jerusalém: "Vocês devem adorar aqui, diante deste altar"? ’
8 Antann nou avèk mèt mwen an, wa peyi Lasiri a. Lèfini, m'ap ban nou demil chwal si nou ka jwenn demil sòlda pou moute yo.
8 "Façamos agora um tratado com o meu senhor, o rei da Assíria: Eu lhe darei dois mil cavalos — se você puder pôr cavaleiros neles!
9 Ou pa menm gen moun ase pou bat yonn nan pi piti chèf ki sou lòd wa mwen an! Epi, se sou peyi Lejip w'ap konte jwenn cha lagè ak kavalye pou fè lagè!
9 Como então você poderá repelir um só dos menores oficiais do meu senhor, confiando que o Egito lhe dará carros e cavaleiros?
10 Epitou, pa konprann se san konsantman Seyè a mwen vin atake peyi a pou m' detwi l'. Se Seyè a menm ki di m' vin atake peyi ou la pou m' detwi l'.
10 Além disso, você pensa que vim atacar e destruir esta nação sem o Senhor? O próprio Senhor me mandou marchar contra esta nação e destruí-la".
11 Lè sa a, Elyakim, Chebna ansanm ak Joak di chèf gad palè a: -Tanpri, mèt. Pale lang arameyen ak nou. Nou konprann lang sa a. Men pa pale ebre. Tout moun ki sou miray la ap koute.
11 Então Eliaquim, Sebna e Joá disseram ao comandante: "Por favor, fala com os seus servos em aramaico, pois entendemos essa língua. Não fales em hebraico, pois assim o povo que está sobre os muros entenderá".
12 Men chèf gad palè a di yo an ebre: -An! Nou konprann se avè wa nou an ansanm ak nou twa la a ase wa mwen an voye m' vin pale pawòl sa yo? Non. Se ak tout moun ki chita sou miray la menm m'ap pale. Yo menm tou pral manje poupou yo, yo pral bwè pipi yo ansanm ak nou!
12 O comandante, porém, respondeu: "Pensam que o meu senhor mandou-me dizer estas coisas só a vocês e ao seu senhor, e não aos homens que estão sentados no muro? Pois, como vocês, eles terão que comer as próprias fezes e beber a própria urina! "
13 Lè sa a, chèf gad palè a kanpe, li pran pale byen fò an ebre, li di: -Koute sa gran wa a, wa peyi Lasiri a, voye di nou:
13 E o comandante se pôs de pé e falou alto, em hebraico: "Ouçam as palavras do grande rei, do rei da Assíria!
14 Li voye di nou pa kite Ezekyas twonpe nou. Li pa ka sove nou tande!
14 Não deixem que Ezequias os engane. Ele não poderá livrá-los!
15 Pa kite l' pran tèt nou lè l'ap di nou nou mèt sèten Seyè a pral sove nou, li p'ap lage lavil la nan men wa peyi Lasiri a.
15 Não deixem Ezequias convencê-los a confiar no Senhor, quando diz: ‘Certamente o Senhor nos livrará; esta cidade não será entregue nas mãos do rei da Assíria’.
16 Pa koute wa Ezekyas! Wa peyi Lasiri a mande pou nou fè lapè avè l', pou nou rann tèt nou ba li. Konsa, nou tout n'a manje rezen nan jaden rezen nou, n'a manje fig frans nan pye fig frans nou, n'a bwè dlo nan pi nou.
16 "Não dêem atenção a Ezequias. Assim diz o rei da Assíria: ‘Venham fazer as pazes comigo. Então cada um de vocês comerá de sua própria videira e de sua própria figueira, e beberá água de sua própria cisterna,
17 Lè wa a va vin isit la, l'a pran nou, l'a mennen nou nan yon lòt peyi ki tankou peyi pa nou an, yon peyi kote ki gen anpil ble pou fè farin ak anpil rezen pou fè diven.
17 até que eu os leve a uma terra como a de vocês: terra de cereal e de vinho, terra de pão e de vinhas.
18 Pa kite Ezekyas pran tèt nou pou nou kwè Seyè a va delivre nou. Eske bondye lòt nasyon yo te delivre yo anba men wa peyi Lasiri a?
18 " ‘Não deixem que Ezequias os engane quando diz que o Senhor os livrará. Alguma vez o deus de qualquer nação livrou sua terra das mãos do rei da Assíria?
19 Kote bondye moun Amat yo ak bondye moun Apad yo? Kote bondye moun Sefavayim yo? Eske yo te sove peyi Samari anba men l'?
19 Onde estão os deuses de Hamate e de Arpade? Onde estão os deuses de Sefarvaim? Eles livraram Samaria das minhas mãos?
20 Nan tout bondye sa yo, kilès ki te rive sove yonn nan peyi sa yo anba men l'? Atò, se Seyè a ki ta ka sove lavil Jerizalèm anba men l'?
20 Quem dentre todos os deuses dessas nações conseguiu livrar a sua terra? Como então o Senhor poderá livrar Jerusalém das minhas mãos? ’ "
21 Men pèp la pa louvri bouch li reponn. Yo pa di yon mo paske wa a te bay lòd pou pesonn pa reponn.
21 Mas o povo ficou em silêncio e nada respondeu, porque o rei dera esta ordem: "Não lhe respondam".
22 Apre sa, Elyakim, pitit Ilkiya a, ki te chèf moun k'ap travay nan palè a, Chebna, sekretè a, ak Joak, pitit Asaf la, ki te reskonsab achiv leta a, chire rad sou yo sitèlman sa te fè yo lapenn. Yo tounen al jwenn Ezekyas, yo rapòte l' tou sa chèf gad palè wa Lasiri a te di.
22 Então o administrador do palácio, Eliaquim, filho de Hilquias, o secretário Sebna e o arquivista Joá, filho de Asafe, com as vestes rasgadas, foram contar a Ezequias o que dissera o comandante.
Atalhos do teclado
- Capítulo anterior←
- Próximo capítulo→
- Versículo anteriork
- Próximo versículoj
- Limpar seleçãoEsc
- Esta ajuda?
Estude este capítulo no WhatsApp
Peça à IA da Bíblia Fala para explicar Isaías 36, comparar traduções ou montar um estudo — tudo direto pelo WhatsApp.