Deuteronômio 30

Haitian Creole Version (HAT) vs BKJ

Sair da comparação
1 Mwen mete benediksyon ak madichon dèvan nou pou n' chwazi. Lè tout bagay mwen te di nou yo va rive nou, si, antan n'ap viv nan mitan lòt nasyon nan peyi kote Seyè a te gaye nou yo, nou vin chonje sa m' te di nou,
1 E acontecerá, quando todas essas coisas vierem sobre ti, a maldição e a bênção, que pus diante de ti, e te lembrares delas entre todas as nações a que o SENHOR teu Deus te levou,
2 si nou tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou an, si nou koute l' ak tout kè nou, ak tout nanm nou, nou menm ak tout pitit nou yo, jan m'ap ban nou lòd jòdi a,
2 e retornares ao SENHOR teu Deus, e obedeceres à sua voz, conforme tudo o que te ordeno hoje, tu e os teus filhos, com todo o teu coração, e com toda a tua alma,
3 enben, lè sa a Seyè a, Bondye nou an, va gen pitye pou nou. L'a mennen tout moun yo te depòte yo tounen lakay yo. L'a chanje sò nou. Li pral mache chache nou nan tout peyi kote li te gaye nou yo, l'a sanble nou ankò.
3 então o SENHOR teu Deus reverterá o teu cativeiro, e terá compaixão de ti, e voltará e te congregará dentre todas as nações para onde o SENHOR teu Deus te tiver dispersado.
4 Yo mèt depòte nou jouk nan dènye bout latè, Seyè a, Bondye nou an, pral chache nou jouk la pou l' sanble nou ankò.
4 Se algum dos teus for levado às partes extremas dos céus, dali o SENHOR teu Deus te congregará, e dali te tomará;
5 Seyè a va fè nou tounen nan peyi kote zansèt nou yo te rete a, n'a tounen pran l' pou nou ankò. L'a fè nou plis byen pase sa l' te fè pou zansèt nou yo, l'a fè nou vin pi plis pase zansèt nou yo.
5 e o SENHOR teu Deus te trará à terra que teus pais possuíram, e a possuirás; e ele te fará bem, e te multiplicará mais do que a teus pais.
6 Seyè a, Bondye nou an, va mete mak kontra li a sou kè nou ak sou kè pitit nou yo, pou nou ka renmen l' ak tout kè nou, ak tout nanm nou, pou nou ka gen lavi.
6 E o SENHOR teu Deus circuncidará o teu coração, e o coração da tua semente, para que ames ao SENHOR teu Deus com todo o teu coração, e com toda a tua alma, para que possas viver.
7 Seyè a, Bondye nou an, va fè tout madichon sa yo tonbe sou lènmi nou yo, sou moun ki pa t' vle wè nou yo, sou moun ki t'ap maltrete nou yo.
7 E o SENHOR teu Deus porá todas essas maldições sobre os teus inimigos, e sobre aqueles que te odeiam, que te perseguiram.
8 Men, nou menm, n'a tounen vin jwenn Seyè a, n'a koute l', n'a fè tou sa li ban nou lòd fè a, jan mwen mande nou li jòdi a.
8 E voltarás e obedecerás à voz do SENHOR, e cumprirás todos os seus mandamentos, que te ordeno neste dia.
9 Seyè a, Bondye nou an, va kouvri nou anba benediksyon. Li va fè tout zafè nou mache byen, l'a ban nou anpil pitit, l'a ban nou anpil bèt, l'a fè jaden nou yo bay bèl rekòt. Paske, Seyè a va pran plezi ankò pou l' fè nou viv ak kè kontan, menm jan li te pran plezi fè sa pou zansèt nou yo.
9 E o SENHOR teu Deus te fará abundante em toda obra de tua mão, no fruto de teu corpo, e no fruto de teu gado, e no fruto de tua terra, para o bem, porque o SENHOR teu Deus se alegrará contigo, para o bem, como se alegrou com os teus pais,
10 Men, n'a gen pou nou koute Seyè a, Bondye nou an, n'a gen pou nou kenbe tout kòmandman li yo ak tout regleman li yo, tou sa ki ekri nan liv lalwa a. Wi, se pou nou tounen vin jwenn Seyè a, Bondye nou an, ak tout kè nou, ak tout nanm nou.
10 se ouvires a voz do SENHOR teu Deus, e guardares os seus mandamentos e os seus estatutos, que estão escritos neste livro da lei, e se te converteres ao SENHOR teu Deus com todo o teu coração, e com toda a tua alma.
11 Kòmandman m'ap ban nou jòdi a, se pa bagay nou pa kapab fè, bagay nou pa ka rive fè.
11 Porque este mandamento, que te ordeno hoje, não está oculto de ti, nem está distante.
12 Se pa nan syèl la li ye pou n' ta di: Kilès ki pral moute al chache l' nan syèl la pou fè nou tande l', pou n' ka fè sa l' mande nou fè a?
12 Não está nos céus, para que digas: Quem subirá por nós aos céus, e o trará a nós, para que possamos ouvi-lo e cumpri-lo?
13 Se pa lòt bò lanmè li ye non plis pou nou ta di: Kilès ki pral janbe lanmè al chache l' pou nou ka tande sa l' di, pou nou ka fè sa l' mande nou fè a?
13 Tampouco está além do mar, para que digas: Quem irá além do mar por nós, e o trará a nós, para que possamos ouvi-lo e cumpri-lo?
14 Non. Li la toupre nou. Li nan bouch nou, li nan tèt nou pou nou ka fè sa l' mande nou fè a.
14 Mas a palavra está muito próxima de ti, na tua boca, e no teu coração, para que possas cumpri-la.
15 Gade. Jòdi a mwen mete devan nou lavi ak benediksyon yon bò, lanmò ak madichon yon bò. Se nou ki pou chwazi.
15 Vê, eu coloco diante de ti neste dia a vida e o bem, e a morte e o mal;
16 Sa m'ap mande nou jòdi a, se pou nou renmen Seyè a, Bondye nou an, se pou nou viv jan li vle l' la, se pou nou fè tou sa li mande nou fè nan kòmandman li yo, nan lòd li yo ak nan regleman li yo. Konsa, n'a gen lavi, n'a gen anpil pitit. Seyè a, Bondye nou an, va beni nou nan peyi nou pral pran pou rele nou pa nou an.
16 por isso, te ordeno hoje, que ames ao SENHOR teu Deus, que andes nos seus caminhos, e que guardes os seus mandamentos, e os seus estatutos, e os seus juízos, para que possas viver e te multiplicar; e o SENHOR teu Deus te abençoará na terra que vais possuir.
17 Men, si nou vire do ba li, si nou derefize koute l', si nou kite yo pran tèt nou pou n' al mete ajenou devan lòt bondye, pou n' al fè sèvis pou yo,
17 Mas se o teu coração se desviar, de modo que não quiseres dar ouvidos, mas fores atraídos a adorar outros deuses, e os servires,
18 m'ap avèti nou depi koulye a: nou tout gen pou mouri. Nou p'ap viv lontan nan peyi lòt bò larivyè Jouden kote nou pral antre pou nou pran pou nou an.
18 eu vos denuncio hoje, que certamente perecereis e que não prolongareis os vossos dias sobre a terra, a qual cruzaste o Jordão para ir e possuir.
19 Mwen pran syèl la ak latè a sèvi m' temwen jòdi a: Men li, mwen mete devan nou lavi yon bò, lanmò yon bò, benediksyon yon bò, madichon yon bò pou nou chwazi. Chwazi lavi tande, pou nou ka viv, nou menm ansanm ak tout pitit nou yo.
19 Chamo os céus e a terra para registrar hoje, contra vós, que coloquei diante de vós a vida e a morte, a bênção e a maldição; portanto escolhe a vida, para que a tua semente possa viver;
20 renmen Seyè a, Bondye nou an. Koute l'. Pa lage l' menm, paske se li menm ki tout lavi nou, se li k'ap fè nou viv lontan nan peyi Seyè a te fè pwomès li t'ap bay Abraram, Izarak ak Jakòb, zansèt nou yo.
20 para que possas amar ao Senhor teu Deus, e para que possas obedecer à sua voz, e para que possas te apegar a ele; porque ele é a tua vida, e a duração dos teus dias; para que possas habitar na terra que o Senhor jurou aos teus pais, a Abraão, a Isaque e a Jacó, que lhes daria.

Ler em outra tradução

Comparar com outra

Estude este capítulo no WhatsApp

Peça à IA da Bíblia Fala para explicar Deuteronômio 30, comparar traduções ou montar um estudo — tudo direto pelo WhatsApp.