2 Samuel 4

Haitian Creole Version (HAT) vs NTLH

Sair da comparação
NTLH Nova Tradução na Linguagem de Hoje 2000
1 Lè Ichbochèt, pitit Sayil la, pran nouvèl jan Abnè te mouri lavil Ebwon, kè l' kase nèt. Tout pèp Izrayèl la te tèt anba.
1 Quando Isbosete, filho de Saul, soube que Abner havia sido assassinado na cidade de Hebrom, perdeu a coragem, e todo o povo de Israel ficou com medo.
2 Ichbochèt te gen nan lame li a de chèf piyajè ki te rele Bana ak Rekab. Yo te pitit Rimon, yon nonm nan branch fanmi Benjamen an ki te rete lavil Bewòt. Yo te toujou mete nan tèt yo lavil Bewòt se pou branch fanmi Benjamen an li ye,
2 Havia dois oficiais de Isbosete que comandavam os ataques rápidos ao território inimigo. Eles se chamavam Baaná e Recabe e eram filhos de Rimom, da cidade de Beerote, da tribo de Benjamim. (A cidade de Beerote é considerada como parte do território de Benjamim.
3 depi lè moun Bewòt yo te kouri kite lavil la pou y' al lavil Gitayim, kote y'ap viv jouk koulye a.
3 Os antigos moradores de Beerote haviam fugido para a cidade de Gitaim e eles vivem ali como estrangeiros até hoje .)
4 Jonatan, pitit Sayil la, te gen yon pitit gason yo te rele Mefibochèt. Li te enfim nan tou de pye l' yo. Li te gen senkan lè Sayil ak Jonatan mouri. Lè nouvèl lanmò yo rive soti lavil Jizreyèl, nouris la pran Mefibochèt, li kouri al kache avè l'. Men, pandan l'ap prese kouri a, pitit la sot tonbe nan men l'. Se konsa li vin enfim nan pye.
4 Quando Saul e Jônatas foram mortos em Jezreel, Mefibosete, filho de Jônatas, tinha cinco anos de idade. Ao chegar a notícia da morte de Saul e de Jônatas, a mulher que cuidava de Mefibosete o pegou e fugiu. Mas estava com tanta pressa, que o deixou cair, e ele ficou manco.
5 Rekab ak Bana, pitit gason Rimon, moun lavil Bewòt la, pati pou lakay Ichbochèt. Yo rive vè midi. Lè sa a, Ichbochèt t'ap fè yon ti dòmi pou poze kò l'.
5 Recabe e Baaná foram para a casa de Isbosete e chegaram lá quando ele estava tirando a sua soneca depois do almoço.
6 Fanm ki t'ap veye bò pòt la t'ap triye ble, men li te kite dòmi pran l'. Se konsa mesye yo fofile kò yo antre nan kay la.
6 A mulher que estava na porta peneirando trigo havia ficado com sono e estava dormindo. Por isso, Baaná e Recabe entraram em silêncio,
7 Lè yo rive anndan, y' al nan pyès chanm kote Ichbochèt te kouche ap dòmi an, yo touye l'. Lèfini, yo koupe tèt li, yo pran l', yo pati avè l'. Yo pase nwit lan ap mache nan fon Jouden an.
7 foram ao quarto onde Isbosete dormia um sono pesado e o mataram. Então cortaram a cabeça dele e a levaram consigo. Eles caminharam a noite toda pelo vale do rio Jordão.
8 Yo pote tèt Ichbochèt bay David lavil Ebwon. Yo di l' konsa: -Men tèt Ichbochèt, pitit Sayil la, moun ki pa t' vle wè ou la, moun ki t'ap chache touye ou la. Jòdi a Seyè a bay monwa chans pou li tire revanj sou Sayil ansanm ak sou rès fanmi li.
8 Quando chegaram a Hebrom, mostraram a cabeça de Isbosete ao rei Davi e disseram: — Aqui está a cabeça de Isbosete, filho do seu inimigo Saul, que queria matá-lo. Hoje o — Eu agarrei e mandei matar o mensageiro que foi ao meu encontro na cidade de Ziclague; pois ele, pensando que estava me dando uma boa notícia, me contou a respeito da morte de Saul. Agora, juro pelo
9 David reponn yo: -Mwen fè sèman devan Seyè a ki delivre m' nan tout malè,
9 — ausente —
10 lè moun ki te vin fè m' konnen Sayil te mouri a te kwè se yon bon nouvèl li t'ap pote ban mwen, mwen pran l', mwen fè touye l' lavil Ziklag. Men rekonpans mwen te ba li pou bon nouvèl sa a.
10 — ausente —
11 Sa pral pi rèd toujou pou nou, bann mechan, ki touye yon inonsan anndan lakay li, nan kabann li. Mwen pral fè nou peye pou touye nou touye l' la, mwen pral fè yo disparèt nou sou latè.
11 — ausente —
12 David bay sòlda yo lòd epi yo touye Rekab ak Bana. Yo koupe de men ak de pye yo. Y' al pann yo bò rezèvwa dlo Ebwon an. Apre sa, yo pran tèt Ichbochèt, y' al antere l' Ebwon, nan tonm Abnè a.
12 Então Davi deu ordem, e os seus soldados mataram Recabe e Baaná. Depois cortaram as mãos e os pés deles e penduraram perto da represa de Hebrom. E pegaram a cabeça de Isbosete e sepultaram no túmulo de Abner, em Hebrom.

Ler em outra tradução

Comparar com outra

Estude este capítulo no WhatsApp

Peça à IA da Bíblia Fala para explicar 2 Samuel 4, comparar traduções ou montar um estudo — tudo direto pelo WhatsApp.