1 Samuel 31

Haitian Creole Version (HAT) vs VC

Sair da comparação
VC Versão Católica
1 Moun Filisti yo leve yon sèl batay ak moun pèp Izrayèl yo sou mòn Gilboa. Anpil nan moun pèp Izrayèl yo te mouri, rès yo te kouri met deyò.
1 Entretanto, os filisteus atacaram Israel, e os israelitas fugiram diante deles, caindo feridos de morte no monte de Gelboé.
2 Moun Filisti yo rive sou Sayil ak pitit gason l' yo. Yo touye Jonatan, Abinadad ak Malchichwa frèt.
2 Os filisteus investiram contra Saul e seus filhos, matando Jônatas, Abinadab e Melquisua, filhos de Saul.
3 Batay la te mangonmen kote Sayil te ye a. Mesye ki t'ap voye flèch nan banza yo te konmanse ap vize sou li. Lè li wè sa, li pran tranble.
3 A violência do combate concentrou-se contra Saul. Os arqueiros descobriram-no e ele foi ferido no ventre.
4 Li rele gad ki t'ap pote zam li yo, li di l' konsa: -Rale nepe ou, touye m' pou bann moun sa yo ki pa sèvi Bondye pa gen tan rive sou mwen pou se yo ki touye m', lèfini pou yo pase m' nan betiz. Men gad kò a pa t' vle paske li te pè anpil. Lè sa a, Sayil pran nepe a, li vire l' tèt anba, li lage kò l' sou li.
4 Disse ao seu escudeiro: Tira a tua espada e traspassa-me, para que não o venham fazer esses incircuncisos, ultrajando-me! Mas o escudeiro não o quis fazer, porque se apoderou dele um grande terror. Então tomou Saul a sua espada e jogou-se sobre ela.
5 Lè gad kò a wè Sayil mouri, li fè menm bagay la tou, li lage kò l' sou nepe li a. Li mouri ansanm avèk Sayil.
5 O escudeiro, vendo que Saul estava morto, arremessou-se também ele sobre a sua espada e morreu com ele.
6 Se konsa, ni Sayil, ni twa pitit gason l' yo, ni gad kò a te mouri. Jou sa a, tout mesye Sayil yo te mouri.
6 Assim, morreram naquele mesmo dia, Saul e seus três filhos, seu escudeiro e todos os seus homens.
7 Lè moun pèp Izrayèl yo ki te rete lòt bò Fon Jizreyèl la ak lòt bò larivyè Jouden wè sòlda pèp Izrayèl yo kouri mèt deyò epi Sayil ak pitit gason l' yo mouri, yo leve kite lavil kote yo te rete yo, yo mete deyò tou. Moun Filisti yo vini, yo pran lavil yo pou yo.
7 Os israelitas que moravam além do vale e além do Jordão, vendo a derrota do exército de Israel e a morte de Saul com seus filhos, abandonaram as suas cidades e fugiram; e os filisteus vieram e estabeleceram-se nelas.
8 Nan denmen apre batay la, moun Filisti yo tounen pou pran zam ki te sou kadav sòlda mouri yo, yo jwenn kadav Sayil ak kadav twa pitit gason l' yo kouche atè sou mòn Gilboa a.
8 No dia seguinte vieram os filisteus para despojar os cadáveres e encontraram Saul e seus três filhos caídos no monte Gelboé.
9 Yo koupe tèt Sayil, yo pran tout zam li yo. Lèfini, yo voye gaye bon nouvèl sa a nan tout peyi Filisti a, nan tanp zidòl yo ak nan zòrèy tout pèp la.
9 Cortaram-lhe a cabeça, despojaram-no de suas armas, e as enviaram por toda a terra dos filisteus, para que se publicasse essa boa nova nos templos de seus ídolos e entre o povo.
10 Yo mete zam Sayil yo nan tanp Astate, zidòl yo a. Epi yo pran rès kò a, yo kloure l' sou miray lavil Bèt Chean an.
10 Puseram as armas de Saul no templo de Astarte e suspenderam o seu cadáver nos muros de Betsã.
11 Lè moun lavil Jabès yo, nan peyi Galarad, vin konnen sa moun Filisti yo te fè Sayil,
11 Quando os habitantes de Jabes em Galaad souberam do que os filisteus tinham feito a Saul,
12 tout mesye ki te brave danje yo leve, yo mache tout lannwit jouk yo rive lavil Bèt Chean, yo desann kadav Sayil la ak kadav pitit gason l' yo ki te kloure sou miray lavil la, yo tounen ak yo lavil Jabès, kote yo boule yo.
12 puseram-se a caminho os mais valentes dentre eles, e andaram toda a noite. Tiraram das muralhas de Betsã os cadáveres de Saul e de seus filhos, e voltaram a Jabes, onde os queimaram.
13 Lèfini, yo pran zosman yo, yo antere yo anba pye tonmaren ki nan lavil Jabès la. Apre sa, yo pase sèt jou san manje.
13 Tomaram os ossos e os enterraram debaixo da tamareira, em Jabes. Depois disso jejuaram sete dias.

Ler em outra tradução

Comparar com outra

Estude este capítulo no WhatsApp

Peça à IA da Bíblia Fala para explicar 1 Samuel 31, comparar traduções ou montar um estudo — tudo direto pelo WhatsApp.