Salmos 142

Haitian Creole Version (HAT)

1 (142:1) Chante David te chante lè li te kache nan gwo twou wòch la. Se yon lapriyè. (142:2) M'ap louvri bouch mwen, m'ap rele Seyè a. M'ap louvri bouch mwen, m'ap kriye nan pye Seyè a.

2 (142:3) M'ap louvri kè m' bay Bondye, m'ap rakonte l' mizè mwen.

3 (142:4) Lè m' santi mwen pa kapab ankò, ou menm, ou konnen sa pou m' fè. Sou chemen kote m'ap pase a yo tann yon pèlen pou mwen.

4 (142:5) Voye je ou toupatou, gade byen! Tout moun pran pòz pa konnen m'. Pa gen yon moun pou pwoteje m'. Pa gen yon moun pou pran ka m'.

5 (142:6) Mwen kriye nan pye ou, Seyè! Mwen di: Se ou menm ki tout pwoteksyon mwen. Se ou menm ki tout mwen nan lavi sa a.

6 (142:7) Panche zòrèy ou, koute sa m'ap di ou! Mwen fin dekouraje. Delivre m' anba men moun k'ap pèsekite m' yo, paske yo pi fò pase m'.

7 (142:8) Wete m' nan prizon sa a pou m' ka di ou mèsi. Lè sa a, m'a kanpe nan mitan moun ki mache dwat devan ou yo, paske ou te bon pou mwen.

Ler em outra tradução

Comparar lado a lado

Estude este capítulo no WhatsApp

Peça à IA da Bíblia Fala para explicar Salmos 142, comparar traduções ou montar um estudo — tudo direto pelo WhatsApp.